POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 11 fevriye 2014       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV “MIAMI-DADE COUNTY PUBLIC SCHOOLS (M-DCPS)” (LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY) AP PATISIPE NAN PWOJÈ ECHANJ AVÈK ELÈV LEKÒL SEGONDÈ LARISI

Miami, FL – Elèv Academy of Hospitality & Tourism (Akademi Ospitalite ak Touris) nan lekòl segondè Miami Beach ak Alonzo and Tracy Mourning, toude, modèl akademi Fondasyon Akademi tèm karyè Nasyonal, pral patisipe nan yon pwojè echanj avèk elèv ki nan Larisi an 2014. Lekòl segondè Etazini ak Larisi pral fòme ekip konjwent Etazini – Larisi pou devlope ti biznis ki gen rapò ak touris nan vil natal respektif yo.

Se Anbasad Etazini nan Moskou ki ap administre pwogram nan avèk yon don Depatman Deta Etazini bay pou sipòte reyinyon, entèraksyon sou Entènèt, echanj, ak estaj ant òganizasyon Ameriken ak Larisi. Pwojè lekòl segondè a se youn nan eleman nan yon pwogram Depatman Deta Etazini yo rele Pwogram Echanj Kamarad-A-Kamarad Etazini Larisi. Bi li se pwomouvwa kontak ant Ris ak Ameriken pou yo ka amelyore relasyon yo.

Pwojè lekòl segondè Kamarad-A-Kamarad pral depann prensipalman de yon platfòm reyinyon sou Entènèt ak lòt zouti Entènèt pou elèv yo ka travay ansanm nan ti ekip. Sipèentandan M-DCPS Alberto M. Carvalho di, “Pwojè sa a pral anrichi eksperyans salklas la e bay elèv opòtinite pou yo aprann nan kolabore avèk konseye e kamarad yo pandan yo ap bati pwòp rezo global yo.  Nou swete nou ka repwodui pwojè sa a e kolabore avèk lòt kominote atravè mond lan.”  Elèv pral resevwa fòmasyon nan men lidè biznis atravè seminè sou Entènèt, konferans sou sijè ki konsène yo, ak konsèy sou Entènèt.  Ekip yo pral fè konpetisyon ak lòt ekip nan diferan kategori, kòmanse nan “Meyè Plan Biznis” jiska “Meyè Kolaborasyon.”  Yo pral chwazi jiska uit ekip finalis pou prezante pwojè yo devan yon panèl pwofesyonèl vwayaj ak endistri. Gayan yo ak pwofesè yo pral vizite vil natal youn lòt.

Dtè. Nina Kuznetsova, Direktris Egzekitif “Junior Achievement Russia” (Akonplisman Jèn Larisi) pral jere pwojè lekòl segondè a nan Federasyon Ris la, e nan Etazini se Dtè. Nancy Needham, Prezidan Inisyativ Global, Enkòpore, ki baze nan West Chester, Pennsylvania ki pral jere pwojè a. Dtè Needham di, “Daprè karakteristik ekonomi global modèn nan, nou panse li enpòtan pou jèn moun aprann sou biznis e aprann apwopo travay avèk lòt moun atravè pwojè tankou sa a.

Pou plis enfòmasyon sou pwojè sa a, Silvouplè kontakte Depatman Edikasyon Teknik ak Karyè nan 305 693-3030.

APWOPO “GLOBAL TRAVEL AND TOURISM PARTNERSHIP (GTTP)” (PATENARYA VWAYAJ AK TOURIS GLOBAL)
Inisyativ Global jere Patenarya Vwayaj ak Touris (www.gttp.org) e se yon alyans edikasyon touris ki sèvi apeprè 430,000 elèv nan 11 peyi e li jwenn sipò nan men toude, manm global ak manm lokal endistri a. Misyon GTTP se bay plis opòtinite edikasyonèl ak karyè ki gen rapò ak vwayaj e touris pou elèv lekòl segondè nan yon lè kote yo ap fè chwa karyè e pou devlope konsyantizasyon yo sou enpòtans Vwayaj ak Touris, endistri mondyal ki ap grandi pi vit la, nan ekonomi peyi yo e ekonomi global la.

APWOPO “NATIONAL ACADEMY FOUNDATION (NAF)” (FONDASYON AKADEMI NASYONAL)
Elèv M-DCPS patisipe nan pwogram edikasyon Touris Fondasyon Akademi Nasyonal (www.naf.org); ki se yon pwogram patnè GTTP.  NAF se yon rezo renome akademi tèm karyè ki ouvri pòt li pou elèv lekòl segondè ki pa jwenn ase sèvis pou karyè ki pratik. Akademi NAF vize youn nan senk tèm karyè: finans, ospitalite ak touris; enfòmatik; jeni; syans sante. Plis pase 4,600 volontè pwofesyonèl biznis nan salklas, aji kòm konseye, yo angaje elèv NAF nan estaj peye, e yo sèvi nan komite konsèy lokal. Pandan ane lekòl 2012-2013 la, plis pase 62,000 elèv te ale nan 546 akademi NAF atravè 39 eta, Washington, D.C., ak U.S. Virgin Islands. An 2012, akademi NAF yo te rapòte, 97 pousan elèv dènye ane te gradye, e 84 pousan gradye sa yo gen plan pou yo ale nan kolèj.

 

###

14-JJS/026/VVL/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès