POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 12 fevriye 2014      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN CARVALHO ALE NAN KONVANSYON NASYONAL POU ANONS MEYÈ SIPÈENTANDAN POU ANE A

Miami – Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho ale Nashville, TN kòm yon finalis pou Meyè Sipèentandan Nasyonal pou Ane a. Anons la pral fèt jedi 13 fevriye a 3:15 nan aprèmidi nan ouvèti sesyon jeneral konferans nasyonal AASA a, Asosyasyon Sipèentandan Lekòl yo, ki ap fèt nan Nashville Music City Convention Center, 201 Fifth Ave. South, Nashville.

An desanm, “Florida Association of District School Superintendents (FADSS)” (Asosyasyon Sipèentandan Distri Lekòl Florid) te nonmen Carvalho kòm Sipèentandan Florid pou Ane a, pou reprezante Eta “Sunshine” pou konsiderasyon kòm meyè sipèentandan nasyonal pou ane a. Carvalho se youn nan kat sipèentandan yo te chwazi kòm yon finalis pou onè rechèche sa a. Ane sa a make 27yèm anivèsè pwogram nan ki rekonèt lidè sistèm lekòl atravè peyi a.

###

14-JS/027/JS/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès