POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 15 out 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SANT MEDIKAL “UHEALTH” NAN LEKÒL SEGONDÈ
MIAMI JACKSON AP OUVÈ, 18 OUT

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te resevwa yon egzamen fizik jodi a nan Sant Medikal UHealth nan Lekòl Segondè Miami Jackson, ki ap louvri lendi18 out, pou tout anplwaye, depandan yo ak retrete ki enskri kounye a nan plan asirans distri lekòl la.

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) fè patenarya avèk sistèm sante “UHealth” nan Sistèm Sante University of Miami pou bay yon mezon medikal pou anplwaye li yo ak bonjan kalite swen nan pri ki abòdab. Kèk kopèman pral trè ba tankou $10 konsa. Sant la gen yon doktè ki soti nan University of Miami, yon enfimyè pratisyen ak anplwaye enfimyè, ki pral bay sèvis laboratwa, egzamen fizik, sipò enfimyè, edikasyon sou byennèt fizik ak referans dirèk pou espesyalis Inivèsite Miami.

Carvalho di, "Nou vle anplwaye nou yo, fanmi yo ak retrete yo reyalize enpòtans swen prevantif. Pri abòdab yo, lokasyon santral ak lè fonksyònman konvenab pral pèmèt yo pran tout avantaj nan gran etablisman sa a."

Lè sant la ap 7è dimaten pou 7è diswa soti lendi rive vandredi, e 9è dimaten pou midi lè samdi. Nou ka fè randevou sou Entènèt oubyen lè n rele 305-243-CANE (2263). Nou resevwa vizit san randevou. Pasyan yo dwe pote kat Idantifikasyon Cigna yo.

Pou plis enfòmasyon sou Entènèt, vizite uhealthsystem.com/locations e chwazi “UHealth Medical Center at Miami Jackson Senior High School, anba “affiliated locations” (lokasyon afilye) yo.

 

###

14-DGD/027/DF/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès