POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 13 fevriye 2014        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

CARVALHO NAN MIAMI-DADE SE MEYÈ SIPÈENTANDAN NASYONAL POU ANE A

Miami – AASA, Asosyasyon Sipèentandan Lekòl yo, anonse jodi a yo chwazi Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade Alberto M. Carvalho kòm Meyè Sipèentandan Nasyonal pou Ane a. Yo te fè anons la nan konferans nasyonal òganizasyon an nan Nashville, TN. 

An desanm, “Florida Association of District School Superintendents (FADSS)” (Asosyasyon Sipèentandan Distri Lekòl Florid) te nonmen Carvalho kòm Meyè Sipèentandan Florid pou Ane a, pou reprezante Eta “Sunshine” pou konsiderasyon kòm meyè sipèentandan nasyonal pou ane a. Carvalho te pami kat finalis ki te an konpetisyon  pou onè rechèche sa a. Ane sa a make 27yèm anivèsè pwogram nan ki rekonèt lidè sistèm lekòl atravè peyi a.

Carvalho di, “Nominasyon mwen kòm Meyè Sipèentandan pou Ane a se vrèman yon gwo onè, men mwen reyalize li pa sèlman yon onè pou mwen.  Rekonesans jodi a reflete devouman, sakrifis, ak travay chak manm nan fanmi edikasyon nou an, ansanm ak gidans e direksyon Komisyon Konsèy Lekòl nou an, e mwen pataje prim sa a ak chak pwofesè, elèv, anplwaye, ak patnè kominotè Lekòl Leta Miami-Dade County.”

Sa fè sèlman yon ane, yo te onore Lekòl Leta Miami-Dade County avèk twa prim nasyonal eksepsyonèl, ki gen ladan Prim “Broad” pou Edikasyon, Meyè Distri AP pou Ane a, ak Meyè Sipèentandan Nasyonal AASA pou Ane a.      

Pwogram Meyè Sipèentandan Nasyonal AASA pou Ane a ouvè pou tout sipèentandan Etazini ki gen plan pou kontinye nan pwofesyon an.  Yo te mezire aplikan ak finalis yo daprè kritè sa yo:

  • Gouvènans pou aprantisaj – kreyativite nan satisfè bezwen elèv nan sistèm lekòl la.
  • Kominikasyon – fòs nan toude, kominikasyon pèsonèl e òganizasyonèl.
  • Pwofesyonalis – amelyorasyon konstan nan konesans ak ladrès administratif, pandan li ap ofri opòtinite pou devlopman pwofesyonèl ak motivasyon pou lòt moun nan ekip edikasyon an.
  • Patisipasyon kominotè – patisipasyon aktif nan aktivite kominote lokal e yon konpreyansyon sou zafè rejyonal, nasyonal ak entènasyonal.

 

###

14-JS/028/TTR/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès