POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 3 avril 2014        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS AP OBSÈVE JOUNEN POU MENNEN PITIT OU NAN TRAVAY 15 ME 2014, AKOZ KONFLI AVÈK ORÈ EGZAMEN FCAT LA

MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County pral obsève Jounen Mennen Pitit ou nan Travay jedi 15 me 2014 olyede 24 avril akoz konfli ak orè administrasyon ‘‘Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)’’ (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif nan Florid). 

Kòm egzamen FCAT la ap fèt 15 rive 30 avril, li nesesè pou “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) repwograme Jounen Mennen Pitit ou nan Travay parapò ak jou yo abitye obsève li nasyonalman ki se 24 avril pou 15 me, pou minimize entèferans ak egzamen yo. 

Pwogram "Take Your Child To Work Day” (Jounen Mennen Pitit Ou Nan Travay) ale pi lwen pase ‘‘shadow’’ (asiste) yon adilt.  Ekspoze tifi ak ti gason nan sa yon paran oubyen yon konseye ki nan vi yo ap fè pandan jounen travay li enpòtan, men montre yo valè edikasyon yo, ap ede yo dekouvri puisans ak posiblite ki asosye pou balanse travay ak lavi familyal, e ba yo yon opòtinite pou pataje kòman yo anvizaje avni yo e kòmanse pran mezi davans anvè bi final yo nan yon anviwònman pratik e entèraktif se kle pou akonpli siksè yo.

 

###

14-JS/029/TC/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès