POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 19 out 2014        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 


M-DCPS PATISIPE NAN PWOGRAM REKONPANS “MICROSOFT BING”

Lekòl Leta Miami-Dade County te resamman fè patnè avèk “Microsoft” nan itilize “Bing” nan Salklas la pou ofri elèv yon zouti filtre e san reklam lè y ap navige Entènèt la.

Soti 1ye out rive 31 oktòb 2014, chak paran, pwofesè, oubyen manm kominotè ki enskri pou Rekonpans Bing pral resevwa 50 pwen rekonpans, yo ka bay lekòl yo chwazi. Atravè Rekonpans Bing yo, paran, pwofesè, ak manm kominotè ka resevwa pwen rekonpans, yo ka itilize pou genyen yon “Microsoft Surface” pou lekòl yo.

Paran, pwofesè, ak manm kominotè ka enskri nan www.BingRewardsSchools.com/miamidade.

# # #

14-DGD/032/DF/RL

Retounen sou Nòt pou Laprès