POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 20 fevriye 2014

       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO JWENN YON ELÈV M-DCPS SENNESÒF

Miami, FL – 20 fevriye 2014, Depatman Polis Barstow, California te arete Carrie Weingarth ak Christian Coello, fijitif ki soti Florid yo t ap chèche sou manda arestasyon Eta ak Federal. Arestasyon yo te fèt an gran pati grasa efò Divizyon Evestigatif “Miami-Dade Schools Police (M-DSPD)” (Depatman Polis Lekòl Miami-Dade). Yo te jwenn timoun ki te an vwayaj avèk koup la sennesòf. 

Daprè lapolis, Weingarth ta pran pitit gason li, Erin Pena, nan lekòl la, malgre li pa t genyen yon otorizasyon paran.  Papa tigason an, Steven Pena, te mande M-DSPD èd akoz Erin pa t retounen lakay li 14 fevriye 2014.  Weingarth te pati tou avèk de timoun ki pi piti li yo, Derick ak Steven. M-DSPD te enkyè de byennèt timoun yo, e an kolaborasyon avèk ajans lapolis lokal, eta, ak federal, imedyatman yo te pibliye avi rechèch atravè medya, sosyal, lokal ak nasyonal pou difize enfòmasyon sou ka a. 

M-DSPD an kominikasyon avèk Depatman Polis Barstow pou reyini papa a avèk pitit li yo.  Yo ap retounen Weingarth ak Coello an Florid daprè manda arestasyon yo.

 

###

13-JS/034/GC/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès