POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 20 out 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS MONTRE AMELYORASYON SOLID NAN ANE KI SOT PASE YO, NAN TRAVAY DI POU REDUI INEGALITE AKADEMIK NAN LEKÒL YO

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) revize rapò sou Kalite Pwofesè Konsil Nasyonal la pibliye.  M-DCPS toujou akeyi revizyon entèn ak ekstèn nan objektif pou nou amelyore, e li soumèt tèt li nan anpil evalyasyon rijid òganizasyon tankou “The Broad Center,” “Stanford University,” “AdvancEd,” Bakaloreya Entènasyonal ak “Cambridge.”

M-DCPS rekonèt enfòmasyon ki prezante nan etid la e li kontan wè konsistans ak inisyativ yo devlope nan kèk ane ki sot pase yo.  M-DCPS idantifye menm pwoblèm sa yo byen anvan etid sa a, e anpil rekòmandasyon yo prezante yo valorize anpil nan efò distri a te fè.

Malgre defi yo, to gradyasyon nou yo pou elèv Afriken Ameriken depase pa Broward County, Eta Florid la menmjan ak New York, Los Angeles ak Chicago, twa pi gwo distri lekòl nan peyi a.

Atache, nou ap jwenn plis fè ak chif adisyonèl pou demontre kòman distri a te ap travay nan kèk ane ki sot pase yo pou amelyore pratik, pou yo ka ogmante akonplisman elèv, avèk konsantrasyon sou lekòl ki pi frajil nou yo.

Nou disponib pou kòmantè:
 

  • Valtena Brown, Depite Sipèentandan/Ofisye Anchèf Fonksyònman
  • Dtè. Pablo Ortiz, Asosye Sipèentandan, Transfòmasyon Edikasyon
  • Enid Weisman, Ofisye Anchèf Resous Imèn
  • Wallace Aristide, Direktè, Lekòl Segondè Miami Northwestern
William Aristide, Direktè, Lekòl Segondè Booker T. Washington

 

###

14-DGD/035/DL/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès