POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mekrèdi 26 fevriye 2014           

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN LEKÒL MWAYEN G.W. CARVER KÒM YON FINALIS NAN KONPETISYON SAMSUNG “SOLVE FOR TOMORROW
Vote pou Lekòl Mwayen Carver sou Entènèt jiska 13 mas

Yo chwazi Lekòl Mwayen G.W. Carver kòm youn nan 15 finalis nasyonal nan konpetisyon 2014 Samsung “Solve for Tomorrow” (Solisyon pou Demen).  Kòm yon finalis, Lekòl Mwayen Carver ap resevwa yon pake teknoloji yo evalye a $35,000. 

Yo te kreye konpetisyon Samsung Solve for Tomorrow an 2010 pou ogmante konsyantizasyon ak enterè nan syans, teknoloji, jeni, ak matematik (STEM).  Yo ankouraje patisipan yo aplike sa yo aprann nan salklas yo pou rezoud pwoblèm nan koninote yo.  Ane sa a, te gen plis pase 2,300 aplikan pou pwogram nan.  

Finalis yo te gen kòm devwa pou yo kreye videyo pou montre solisyon pou pwoblèm yo.  Lekòl Mwayen Carver te prezante videyo ki gen tit, “Old Smokey’s Dirty Secret”, ki detaye kijan elèv jwenn enspirasyon pou yo chèche prèv syantifik pou atire atansyon sou yon defi anviwònmantal nan kominote a, ansyen ensineratè fatra vil la, yon fason pou pouse piblik la alaksyon.     

Yo ap chwazi senk gayan nasyonal pami finalis yo.  Yon panèl jij ap seleksyone kat nan gayan yo.  Senkyèm gayan nasyonal la – gayan “People’s Choice Award” – se piblik la ki ap seleksyone li sou Entènèt.  Yo poste videyo Lekòl Mwayen Carver nan  http://www.samsung.com/us/solvefortomorrow/projects/old-smokeys-dirty-secret.html.  Vòt la ouvè kounye a jiska 13 mas 2014 e ou ka vote yon fwa pa jou.

Senk gayan nasyonal yo ap resevwa yo chak yon don teknoloji $140,000 e y ap onore yo nan yon asanble prim nan Washington, D.C. ann avril.  Depi 2004, pwogram edikasyon Samsung bay plis pase $13 milyon nan teknoloji pou plis pase 500 lekòl leta nan Etazini.

 

###

14-JJS/036/VVL/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès