POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 30 septanm 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS AP LANSE KANPAY TEKNOLOJIK POU BAY EDIKASYON BOUSTÈ

KIYÈS: 

Sipèentandan Carvalho, administratè M-DCPS, anplwaye lekòl, elèv, paran ak sitwayen ki enterese


KISA:
Pwojè “Jumpstart CONNECT@HOME” (Boustè pou Konekte nan Kay la) ak Distribisyon Òdinatè Pòtab/Fòmasyon Paran
KILÈ: 
Jedi 2 oktòb 2014 a 10è dimaten
KI KOTE: 

Liberty City Elementary School
1855 N.W. 71st Street
Miami, FL 33147

POUKISA:

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) lanse yon inisyativ pou ede lekòl ki frajil. Tout elèv nan twazyèm, katriyèm, ak senkyèm ane eskolè, nan 11 lekòl elemantè yo vize, pral resevwa yon aparèy òdinatè e aksè Entènèt gratis pou itilize lakay yo kòm pati nan pwojè “Jumpstart CONNECT@HOME”. Elèv pral itilize aparèy la pou pratike ladrès lekti ak matematik lakay yo atravè “My On Readers” ak “Reflex Math”, ansanm ak lòt pwogram edikasyonèl ki aksesib atravè pòtal elèv la.


VIZYÈL:

-Fòmasyon paran
-Siyati akò elèv sou òdinatè pòtab
-Sesyon Kesyon ak Repons
-Distribisyon òdinatè pòtab
-Disponibilite Sipèentandan an
-Disponibilite direktè(tris) la
-Disponibilite paran
-Disponibilite elèv

# # #

14-DGD/037/DF/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès