POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 3 mas 2014     

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

LEKÒL ELEMANTÈ MAGNÈT MIZE W.J. BRYAN AP FÈ
SEREMONI POU NOUVO RENOVASYON ODITORYÒM NAN

KIYÈS: 
Anplwaye, elèv, paran, donatè ak sitwayen enterese nan Lekòl Elemantè Mize Magnèt W.J. Bryan
KISA:

Seremoni pou Renovasyon Oditoryòm Lekòl Elemantè Magnèt Mize W.J. Bryan

KILÈ: 

Vandredi 7 mas 2014
9:30 – 11è dimaten

KI KOTE: 

W.J. Bryan Elementary School
1201 N.E. 125th Street
North Miami, FL 33161

POUKISA:

Lekòl Elemantè W.J. Bryan, yon Bilding Istorik Miami-Dade ak yon lekòl Magnèt Mize, ap ouvè pòt oditoryòm ki fèk renove li a pou l rekonèt patwonè ak donatè ki te kontribye prèske $50,000 atravè twa dènye ane yo.  Atravè jenewozite òganizasyon kiltirèl, prezèvasyonis, mize, biznis ak moun ki panse sou byennèt kominote, yo kreye yon espas pou pèfòmans ak ekspozisyon nan dezyèm etaj la avèk yon eskalye ki rive nan lakou sant la.  

Seremoni an pral gen ladan yon lekti liv “Golden Shields of Knowledge”, yon istwa fiksyon ki baze sou fè elèv ki te enspire ak bilding nan e transfòmasyon li yo, te ekri e ilistre. Ap gen tou yon Vizit Jounen Eritaj Dade elèv yo ap gide sou Trezò Renouvo Mediteraneyen sa a achitèk Robertson ak Patterson te bati an 1928 ak yon vizit bilding nan.

Magnèt mize a fòme patenarya solid avèk mize ki nan zòn lokal yo ak enstitisyon kiltirèl Miami-Dade County yo.  Edikatè mize yo travay kòtakòt ak pwofesè salklas yo, nan adaptasyon kourikoulòm ki baze sou estanda yo avèk objè e pwodui nan mize respektif yo ansanm ak vizite bilding istorik ak etablisman atravè county a.  Entegrasyon kourikoulòm sa a, ki santre premyèman sou enstriksyon objè ak pwojè, santre sou rezolisyon pwoblèm, kominikasyon, eksplorasyon, entèvansyon, ak ankèt atravè vizit kontinyèl nan mize ak patnè kiltirèl yo. 

Patnè mize Lekòl Elemantè W. J. Bryan yo se: Bass Museum of Art, Coral Gables Museum; Dade Heritage Trust; Fairchild Tropical Botanic Garden; Haitian Heritage Museum; HistoryMiami; ak Museum of Contemporary Art (MOCA).

 

# # #

14-JJS/037 /DF/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès