POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 19 mas 2014       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

KONPETISYON ETIK ANKOURAJE ELÈV POU YO “PANSE PI WO, SANTI YO PI BYEN”   

MIAMI – “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), “The Elie Wiesel Foundation for Humanity,” LRN, “Miami-Dade County Fair & Exposition” ak “The Betsy-South Beach fè patenarya pou prezante Prim Konpetisyon Disètasyon sou Etik Fondasyon Elie Wiesel.  M-DCPS se premye distri nan peyi a ki ap ofri prim sa a nan nivo lekòl segondè.  Plizyè milyè jèn patisipe nan Prim Etik Fondasyon an nan nivo kolèj depi li te kòmanse an 1989.    

Konpetisyon sa a ki ouvè pou elèv premye ane lekòl segondè, ankouraje elèv aplike apèl pou aksyon, gayan Pri Nobèl Elie Wiesel te lanse, “panse pi wo, santi w pi byen” konsènan pwoblèm etik ijan y ap konfwonte nan mond la jodi a.  Wiesel ankouraje yon “swaf pou aprann” ak yon “swaf pou dekouvri” pami elèv yo.   

Yo ap chwazi gayan Distri yo pami lekòl ki gayan yo e y ap anonse yo nan yon seremoni prim espesyal 31 mas 2014, 5:00 nan aprèmidi – 7:00 diswa, nan The Betsy-South Beach, 1440 Ocean Drive, Miami Beach.  Seremoni an ap gen ladan remak Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, gayan Pri “Nobel” Pwofesè Elie Wiesel ak Ofisye Egzekitif Anchèf LRN Dov Seidman.  Aprè seremoni an, The Betsy South Beach ap òganize yon dine pou  komemore inisyativ eksepsyonèl sa a e onore moun ki patisipe ladan.  Gayan yo ap resevwa an total $7,000    prim bousdetid nan men Miami-Dade County Fair & Exposition: Premye Plas: $3,000 bousdetid; Dezyèm Plas: $2,000 bousdetid; Twazyèm Plas: $1,000 bousdetid, e chak patisipan ki gen mansyon onorab ap resevwa $250 bousdetid.    

Msye. Carvalho di, “Mwen kontan anpil elèv nou yo se premye elèv lekòl Segondè ki patisipe nan Prim Konpetisyon Disètasyon sou Etik Fondasyon Elie Wiesel…  Se yon opòtinite ekstrawòdinè pou elèv yo genyen yon konpreyansyon pi pwofon sou enpak chwa etik pèsonèl genyen sou lavi yo ansanm ak lavi lòt moun.  Travay ak piblikasyon Pwofesè Wiesel yo ofri yon platfòm ideyal kote elèv kapab elaji konpreyansyon yo sou sitiyasyon enpòtan ki gen rapò ak etik e karaktè.”        

Pwofesè Elie Wiesel te fèt an 1928 nan Sighet, Transylvania, ki se yon pati nan Woumani kounye a.  Li te gen 15 an lè Nazi yo te voye li menm ak fanmi li nan Auschwitz.  Li ekri plis pase 60 liv fiksyon e non-fiksyon ki gen ladan memwa li, yo aklame entènasyonalman, “Night.”  Pou aktivite literè ak aktivite dwa imen li yo, li te resevwa divès prim ki gen ladan Pri Nobèl pou Lapè.  An 1987, Marion ak Elie Wiesel te etabli “The Elie Wiesel Foundation for Humanity.”    

Seidman di, “Sistèm Lekòl Miami-Dade la distenge tèt li kom lidè e kòm yon sistèm ki ap fè inovasyon nan edikasyon…  Avèk inisyasyon Prim Konpetisyon Disètasyon sou Etik “Elie Wiesel” pou elèv lekòl Segondè, Miami-Dade, yon fwa ankò, alavangad nan rekonèt enpòtans kritik yon dimansyon etik nan edikasyon. Sa ki pi  enpresyonan ankò, li pran angajman klè pou li devlope lidè etik, espesyalman nan moman elèv ap grandi nan  yon mond ki pi konekte e pi depandan youn ak lòt, kote konpòtman yo vin gen plis enpòtans pase jan li te ye avan e nan fason li pa t janm ye avan.”

Nòt Editè a:
Disponiblite pou Medya – Oratè pou evènman an, gayan konpetisyon disètasyon an, finalis ak fanmi yo ap disponib pou entèvyou avèk medya imedyatman aprè evènman an.

 

###

14-JS/038/TTR/CM

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès