POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 22 out 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

DEKLARASYON KONSÈNAN LÈT LEKÒL SEGONDÈ MIAMI CENTRAL RESEVWA

“Lekòl Segondè Miami Central resevwa yon lèt chaje ak santiman rasis, ki pa t gen menas. Lèt la te sanse poste nan Alabama – kote ekip foutbòl Central la pwograme pou l jwe samdi.  Se yon wont e li enkyetan pou yo ta sèvi avèk yon lèt ki gen vye mo rasis kont timoun nou yo. Envestigatè Polis Lekòl Miami-Dade ap travay kòtakòt avèk Depatman Polis Hoover pou envestige ensidan sa a enèjikman.  Depatman Polis Hoover pral bay sekirite pandan sejou elèv yo.  Pandansetan, distri lekòl nou an ap travay avèk Lekòl Vil Hoover pou minimize kèlkeswa distraksyon e pèmèt elèv atlèt yo konsantre sou match yo a.”  Valtena Brown, Depite Sipèentandan, Lekòl Leta Miami-Dade County

Anba a, se deklarasyon Lekòl Vil Hoover, Alabama fèk voye:

“Pandan nou ap avanse pi pre match demen an, nou konsyan de lèt twoublan yo voye bay anplwaye Lekòl Segondè Miami Central yo.  Lapolis ap kontinye suiv tras orijin lèt la kòm yon pati envestigasyon yo.  Pandansetan, konsantrasyon nou rete sou match samdi a.”  Depatman Atletik Lekòl Segondè Hoover/Lekòl Vil Hoover

###

14-DGD/038/DL/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès