POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 7 mas 2014

       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

OPÒTINITE POU TI BIZNIS AK BIZNIS MINORITE SOU PWOJÈ AKADEMI MAST

Lekòl Leta Miami-Dade County, an patenarya avèk Pirtle Construction, lanse yon envitasyon pou soutretan fè òf sou travay nan Akademi MAST.  Sa a se yon pwojè yon ane yo apwouve anba “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) votè yo te apwouve pou renove etablisman, mete teknoloji ajou, ranplase bilding lekòl, elaji kapasite elèv, e amelyore sekirite nan etablisman yo.  

Brian A. Williams, Ofisye Devlopman Ekonomik di, “Pwojè sa a ofri yon gwo opòtinite ekonomik pou ti biznis ak biznis minorite Miami-Dade yo.  Mwen ankouraje biznis lokal yo pran avantaj chans sa a pou elaji biznis yo e sipòte lekòl lokal nou yo.”

Pwojè sa a gen yon bidjè konstriksyon $18 milyon e gen yon demand itilizasyon minimòm mandatwa SBE ak M/WBE (M-DCPS sètifye sèlman) konsa: SBE-15 pousan, Afriken Ameriken-18 pousan ak Fanm-6 pousan. Pwojè a genyen tou yon demand itilizasyon travayè lokal 10 pousan pou kòd postal yo vize yo. 

Yo atann pou GOB a kreye 9,200 pozisyon pandan twa premye ane li yo e plis pase 18,000 pozisyon dirab pandan dire konstriksyon an.  Sa a se yon gwo opòtinite pou pou ti biznis ak mikwo biznis lokal ak konpayi “Minority/Women’s Business Enterprise (M/WBE)” (Antrepriz Biznis Minorite/Fanm) pou jwenn travay nan kominote a. 

Pou M-DCPS sètifye w pou pwojè sa a, Silvouplè kontakte Biwo Opòtinite Ekonomik nan 305-995-1307 oubyen vizite sit Entènèt nou an nan oeo.dadeschools.net.

Tout moun k ap fè òf dwe kalifye davans avèk Pirtle Construction Company anvan dènye delè òf la. Si yo pa kalifye davans, silvouplè remèt Pirtle Construction Company yon fòm Pre-Kalifikasyon pou verifikasyon. Ou ka jwenn premye etap pou pre-kalifikasyon an nan www.pirtleconstruction.com. Denye delè pou remèt òf sètifye yo se madi 18 mas 2014 pa pita pase 2è nan aprèmidi. 

###

14-JJS/039/DF/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès