POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 26 out 2014 

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS AP FÈ REYINYON KOMINOTÈ POU METE KOMINOTE A AJOU SOU PWOGRÈ GOB A

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te lanse premye seri reyinyon kominotè yo yèswa pou enfòme piblik la sou sitiyasyon fon “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) votè yo te apwouve an 2012 la.
 
Gran liy reyinyon yèswa yo gen ladan:
 

    • Te gen 68 pwojè nan premye Ane a e te gen 79 pwojè pwograme pou dezyèm Ane a. 
    • Yo depanse plis pase $57 milyon nan pwojè fon konstriksyon ak teknoloji. 
    • Yo devlope “Office of Economic Opportunity (OEO)” (Biwo Opòtinite Ekonomik) la pou ogmante efò pou al jwenn òganizasyon kominotè, pwopriyetè biznis ak lòt gwoup sivik, pou asire opòtinite pou tout konpayi lokal, ki gen ladan ti biznis ak pwopriyetè biznis minoritè. 
    • Pou kontwole responsablite ak aplikasyon orè pwojè ak bidjè yo, Komisyon Konsèy Lekòl la te kreye Komite Konsèy Bon Lekòl 21yèm Syèk la, avèk reprezantasyon tout sektè kle kominote nou an.  
    • Transfòmasyon dijital Distri a deja kòmanse, avèk enstalasyon 11,000 tablo entèraktif “Promethean” nan salklas atravè distri a, e enstalasyon koneksyon Entènèt ki te fèt katran alavans, pa rapò ak mwayèn nasyonal la.
    • Plis pase 100,000 aparèy elektwonik, òdinatè ak tablèt pòtab, pral disponib pou elèv, pou ba yo aksè sou liv lekòl e kontni dijital sou Entènèt.
    • GOB a se yon gwo zouti nan ede nou fè tranzisyon pou yon etap aprantisaj dijital, fèmen eka dijital la e elimine entèval nan opòtinite nan bay zouti aprantisaj dènye kri.

    Pou plis enfòmasyon sou pwojè nan zòn ou, silvouplè vizite “GOB Capital Projects
    Dashboard”, ki lokalize nan http://bondsforschools.dadeschools.net/
     
    Pou yon lis konplè dat ak adrès nèf reyinyon kominotè ki pral fèt yo, silvouplè vizite
    http://news.dadeschools.net/releases/rls14/036_townhalls.html

     

Prezantatè WLRN Kelley Mitchell ap diskite pwojè GOB avèk Sipèentandan Alberto M.
Carvalho, Ofisye Anchèf Fonksyònman Etablisman Jaime Torrens ak Ofisye Devlopman Ekonomik Brian Williams nan premye reyinyon Kominotè a.

 

###

14-DGD/039/DL/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès