POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 12 mas 2014       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

OTÈ LEKÒL MWAYEN PONCE DE LEON LANSE YON LIV KOLEKSYON PWÒP TRAVAY YO, ‘PONCE REVIEW’ AVÈK YON LEKTI NAN LIBRERI BOOKS & BOOKS

Èske w janm imajine kisa k ap pase nan tèt yon timoun ki nan lekòl mwayen? Yon gwoup elèv Lekòl Mwayen Ponce de Leon vle ban nou yon apèsi nan mete panse yo sou papye e pibliye pwòp liv istwa yo ki rele, “The Ponce Review.”  Senkant elèv te li travay yo dimanch dènye pandan yon fèt lansman nan youn nan libreri endepandan ki pi respektab nan peyi a, Books & Books - Coral Gables.

Nan yon anviwònman liv istwa otè fame, kreyatif ekri, timoun Ponce yo te li devan yon gran odyans, powèm yo ki reflete “selfies” (foto ou pran pou pwòp tèt ou) rive nan redaksyon sou moman lè yon vizit pou ale kay granpè te vle di vizite yon katye “mafya” kote rezidan yo te ka planifye sove kite byen vit. Nan pwèm yo rele, “Lovember,” yon elèv ap konsidere konfizyon yo, “makonnaj, figi mizerab, kamaradri” nan lavi lekòl mwayen, pandan yon lòt ap entèvyouve manman li sou kòman polis te rale zam sou li pandan revolisyon 2001 Ajantin nan.

Otè ak jounalis Carl Hiaasen ekri prefas “Review” a: “Pou nenpòt ki moun ki ekri, amizman an se nan chwa w ap gen pou w fè - langaj ou itilize, karaktè ou kreye yo, konplo ou envante yo… Etou, jan seleksyon nan liv koleksyon istwa yo demontre, posiblite yo san limit e yo enteresan.”

Kopi liv la disponib pou $10 kach sèlman atravè PTSA Lekòl Ponce a oubyen atravè Direktris Lekòl Ponce Martha Chang nan lèt elektwonik, mchang1@dadeschools.net.

ATACHMAN FOTO

 

 

###

14-JS-041/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès