POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 19 novanm 2014

KONTAK: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

ELÈV M-DCPS PRAL AMIZE YO NAN YON APRÈMIDI LEKTI AVÈK GAYAN PRIM NOVELIS SOMAN CHAINANI

Elèv ki soti nan Sant K-8 Norman S. Edelcup/Sunny Isles pral gen posiblite pou aprann sou pwosesis pou ekri kreyatif e tou diskite panse ki pwovoke liv fantezi, “The School for Good and Evil” (Lekòl pou Bon ak Move), avèk yon otè gayan prim e pwodiktè sinema Soman Chainani. Evènman an ap fèt jedi 20 novanm, kòmanse 6è – 7:30 diswa nan sant medya lekòl la.
                            
Premye liv Chainani, ki te debite nan Liv ki pi Popilè nan Lis New York Times, se yon seri fantezi ki pase nan yon mond kote chak katran yo chwazi de (2) timoun pou ale nan yon lekòl prestijye kote yo kreye ewo ak kontdefe mechan.  Chainani, ki se yon natif Sid Florid, se youn nan otè ki ap patisipe nan Fwa Liv Entènasyonal Miami mwa sa a.  Li ekri tou plizyè teyat sinema e travay resan li yo gen ladan yon prezantasyon mizikal ki rele, “Mumbo Jumbo.”

KILÈ: 

Jedi 20 novanm 2014
6è – 7:30 diswa

KI KOTE: 

Norman S. Edelcup/Sunny Isles Beach
201 182nd Drive
Sunny Isles

Se Akademi Paran An ki ap prezante evènman an. Pou plis enfòmasyon, silvouplè kontakte akademi an nan 305-995-7326, Pòtab: 305-776-7020

# # #

   14-DGD/043/HD/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès