POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 10 mas 2014       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

PREZIDAN OBAMA VIZITE YON LEKÒL SEGONDÈ M-DCPS,
FELISITE GWO TRAVAY DISTRI A

Miami – Semèn dènyè, Prezidan Barack Obama ak Premyè Dam Michelle Obama te vizite youn nan lekòl segondè wo nivo peyi a, Lekòl Segondè Coral Reef Miami-Dade County a, e li te sèvi ak okazyon an kòm yon opòtinite pou ranfòse enpòtans pou sipòte inisyativ edikasyon e elaji opòtinite pou elèv ki pa gen gwo mwayen ale nan kolèj. Prezidan Obama te fè remak sou travay ekselan Lekòl Leta Miami-Dade County nan leve pèfòmans akademik elèv e nan fè l posib pou pi gwo pousantaj elèv ki pa gen gwo mwayen gradye e ale nan enstitisyon edikasyon siperyè. Prezidan an te rekonèt tou Meyè Sipèentandan Nasyonal pou Ane a Alberto Carvalho pou siksè remakab li nan Lekòl Leta Miami-Dade County.

Vizit ak remak Prezidan Obama yo se te yon opòtinite tou pou ankouraje elèv lekòl segondè ki pral nan kolèj pou yo ranpli “Free Application for Federal Student Aid (FAFSA)” (Aplikasyon Gratis pou Èd Federal Elèv).  Prezidan Obama te anonse yon nouvo Inisyativ pou Ranpli FAFSA pou bay plis Ameriken opòtinite pou yo jwenn mwayen, ale e gradye nan kolèj. Ranpli FAFSA se premye etap nan ede elèv finanse rèv yo pou ale nan kolèj. 

Anba a se lyen videyo remak konplè Prezidan Barack Obama:

http://www.whitehouse.gov/photos-and-video/video/2014/03/07/president-obama-speaks-college-opportunity

###

14-JS/044/TTR/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès