POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 18 mas 2014          

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

SEREMONI POU MEYÈ FANMI POU ANE A NAN LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY (M-DCPS)  

KIYÈS: 
Manm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade; Biwo Patisipasyon Paran M-DCPS; Biwo Angajman Kominotè; Lidè Distri, Meyè Direktè pou Ane 2013-2014 Caridad Montano, Dezyèm nan Konpetisyon pou Meyè Asistan Direktè 2013-2014 Leonardo Mourino, Meyè Pwofesè Francisco R. Walker pou Ane 2015 Myrna L. Betancourt, Fwa ak Ekspozisyon Miami-Dade County ak reprezantan Inifòm Lekòl Ibiley.
KISA:

Seremoni pou Meyè Fanmi pou Ane 2013-2014 nan M-DCPS

KILÈ: 
Vandredi 21 mas 2014
10è dimaten - midi
KI KOTE: 

Miami-Dade County Fair & Exposition, Fuchs Pavilion
10901 Coral Way
Miami, FL 33165     

POUKISA:

Yo ap rekonèt fanmi elèv Lekòl Leta Miami-Dade County ki te demontre angajman   ekstrawodinè pou edikasyon pitit yo ak sipò egzanplè pou byennèt tout kominote lekòl la kòm “Meyè Fanmi Pou Ane a” nan lekòl pitit yo.  Fanmi yo ap resevwa valiz   komemoratif, tas, ak pas pou yo ale nan Fwa a.  Gen yon fanmi ki ap resevwa pake Gran Prim Meyè Fanmi pou Ane a, ki gen ladan pakin “VIP” (rezève pou pèsonalite enpòtan), braslè Fwa “P*O*P” ki ofri fanmi an aksè san limit nan amizman yo nan yon jou nan semèn nan, ak pas anyèl pou fanmi an pou ale nan “ZooMiami” ak “Miami Seaquarium.”  

KONTAK:
Madan Patricia Lee, Espesyalis Anplwaye, Biwo Angajman Kominotè, 305-995-7317  

# # #

14-JJS/045/PL/CM  

Retounen sou Nòt pou Laprès