POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 3 septanm 2014    

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

REZIME ATIK KLE YO KI TE PREZANTE NAN REYINYON KOMISYON KONSÈY LEKÒL SEPTANM NAN

Jodi a nan reyinyon komisyon konsèy Lekòl mansyèl la, men atik kle yo te prezante pou konsiderasyon ak apwobasyon komisyon konsèy la:

• Komisyon Konsèy la apwouve kalandriye egzamen pou ane eskolè 2014-2015 nan yon vòt alinaminite, ki klarifye dat egzamen yo epapiye atravè diferan nivo ane eskolè e pa gen yon elèv ap gen  pou pran tout egzamen yo.
• Komisyon Konsèy Lekòl la apwouve alinanimite rekomandasyon Sipèentandan an jan li detaye nan pyès opinyon li ekri konsènan evalyasyon yo e avanse atik pou fòmèlman apwouve responsablite plan defansè Chèmann lan nan pwochen reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl la. Pou aprann plis sou rekòmandasyon Sipèentandan, vizite: http://news.dadeschools.net/releases/rls14/amc_letter.html
• Reprezantan Risk Management (Jesyon Risk) te prezante opinyon yo sou benefis ki pral disponib ane pwochen pou anplwaye ak depandan yo.  Opsyon yo pral ofri yon ekonomi depase plan kouye a.
• Komisyon Konsèy Lekòl yo rekonèt de (2) direktè Lekòl Leta Miami-Dade County yo nonmen kòm resipyan “Florida TaxWatch Principal Leadership Award” (Prim Direktè Lidè Siveyan Taks Florid). Benny Valdes ki nan Lekòl Segondè Miami ak Dtè Kelly Hunter-Sheppard ki nan Sant K-8 Leisure City ki se resipyan pou ane sa a.  Yo rekonèt yo daprè analiz sou akonplisman elèv yo nan lekti ak matematik nan lekòl ki gen risk wo.
• Komisyon Konsèy Lekòl la adopte bidjè ane fiskal 2014-2015 la ki pwoteje pwofesè, elèv, pwogram e pratikabilite sistèm lekòl la.  Bidjè a gen ladan yon ogmantasyon $48 milyon pou depans lekòl. Li apwouve tou to kapital li pwopoze pou ane fiskal la.

 

###

        14-DGD/046/CT/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès