POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 5 septanm 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

INOGIRASYON ENSTALASYON SOLÈ FPL NAN
LEKÒL SEGONDÈ MIAMI JACKSON
Evènman an Souliyen Enpòtans Pote Opòtinite pou Aprantisaj Pratik sou Syans Enèji Pwòp nan Lekòl Leta

Miami – (5 septanm 2014) – Soti nan yon ti kay senp nan ane 1800 yo pou rive nan yon kanpous 21yèm syèk avèk bilding modèn ki sèvi bezwen yon kominote elèv ki ap evolye, ki ap vin pi divès kiltirèlman, Lekòl Segondè Miami Jackson konsantre sou ofri opòtinite aprantisaj dinamik pou pwochen jenerasyon an.

Ajoute nan yon dinamik inovatif pratik, pou elèv lekòl la ki depase 1,500, se yon nouvo seri pano solè “Florida Power & Light Company (FPL)” (Konpayi Elektrik Florid) enstale nan youn nan lakou kanpous la. Avèk kapasite pou jenere 10 kilowat kouran alè lè solèy la klere, oubyen ase pou l elektrifye de (2) salklas, pano solè yo fè pati yon pwogram pratik ki pèmèt elèv nan Miami Jackson aprann sou enèji.

Moun ki te la pou inogire seri pano solè sa a se te Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade yo Alberto M. Carvalho; Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Lawrence S. Feldman; Direktè Lekòl Segondè Miami Jackson Carlos Rios; ak Vis Prezidan Sèvis Kliyan FPL, Marlene Santos ansanm ak lòt lidè kominotè, pwofesè, elèv ak paran. 

Carvalho di, “Mwen kòmanse karyè ansèyman mwen nan Lekòl Segondè Miami Jackson, e li enteresan pou konnen nou gen resous sa yo pou ofri elèv eksperyans dinamik pratik pou aprann sou sijè konplèks tankou syans enèji solè a.”

Santos di, “Nan FPL nou lite pou nou inovatif nan sa nou ofri kliyan nou yo ak kominote nou sèvi yo pandan nou ap livre valè ki konsistan chak jou … Nou kontinye travay sou fason ki entèlijan, ekonomik pou ogmante kantite enèji solè nou itilize pou elektrifye kliyan nou yo, e nou fyè pou n sipòte pwochen jenerasyon an avèk opòtinite pou l al pi devan nan edikasyon li tankou sa a.”

Atravè inisyativ Solè pou Lekòl FPL yo, yon total 11 lekòl Miami-Dade County pral gen yon seri solè anvan fen 2014 la ansanm ak plan leson estriktire, yo bay pwofesè ki fini fòmasyon espesyal la. Elèv yo fè yon premye koudèy sou teknoloji enèji, e entegrasyon done nan tan reyèl sistèm solè yo bay nan klas chak jou yo ede elèv yo aprann sou kòman elektrisite travay.

ENSTALASYON PANO SOLÈ FPL YO
Lekòl ki genyen seri pano solè FPL oubyen ki pral genyen yo anvan fen ane a gen ladan:
·   Miami Jackson Senior High School
·   Alonzo & Tracy Mourning Senior High School*
·   Citrus Grove Middle School*
·   Cutler Ridge Middle School
·   Hialeah Senior High School*
·   Jose Marti Mast Academy *
·   Mandarin Lakes K-8 Academy
·   Miami Beach Senior High School*
·   Miami Carol City Senior High School 
·   Miami Southridge Senior High School
·   Palmetto Middle School*
Sistèm solè a fonksyonèl depi out 2014
* Yo gen pou enstale sistèm solè a anvan fen ane 2014

Yo klase sistèm izin elektrik FPL yo, pami sa ki pi pwòp yo nan Etazini, ki gen ladan twa sant enèji solè a gran echèl. Pou plis enfòmasyon sou pwogram solè FPL yo, silvouplè vizite: http://www.fpl.com/solar.

 

###

14-DGD/048/JS/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès