POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 17 mas 2014         

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

EDIKATÈ LEKÒL MAGNÈT MIAMI-DADE RESEVWA GWO ONÈ

“Magnet Schools of America (MSA)” (Lekòl Magnèt Ozetazini), yon òganizasyon nasyonal ki reprezante plis pase 4,000 lekòl ak pwogram magnèt, te resamman onore  meyè pwofesè ak direktè lekòl magnèt rejyonalman e nasyonalman.

Yo te resamman nonmen Mark Tohulka, yon pwofesè syans nan Akademi Teknoloji Maritim ak Syans, kòm Meyè pwofesè Lekòl Magnèt Rejyon III Ozetazini pou Ane 2014. Li se kounye a yon finalis pou meyè pwofesè lekòl magnèt nasyonal pou ane a.

Yo te rekonèt Adrian Leal, Direktris, Lekòl Segondè Coral Reef, kòm Meyè Direktris Lekòl Magnèt Rejyon III pou Ane 2014. Kòm reprezantan Rejyon III, li se kounye a yon finalis pou meyè direktris lekòl magnèt nasyonal pou ane a.
Yo pral anonse gayan yo an me nan Hartford, Conn.

###

14-JS/048/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès