POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 8 septanm 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

NFL AK PATNÈ LI YO POTE PWOGRAM FOUTBÒL “FLAG” AK EKIPMAN NAN LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY, ANKOURAJE AKTIVITE FZIK AMIZAN

NFL pral ofri “Flag Football Essentials Kits” (Pake Esansyèl Foutbòl ‘Flag’) pou plis pase 500,000 timoun nan lekòl elemantè ak pwogram aprè lekòl atravè tout peyi a ane sa a, ki gen ladan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County). Yo pral enplemante nouvo pwogram nan an patenarya avèk Fondasyon GENYOUth, “Fuel Up pou Play”  (Pran Enèji pou Jwe) 60 nan pwogram lekòl e nan “National Recreation and Park Association (NRPA)”. (Rekreyasyon Nasyonal ak Asosyasyon Pak).

Se atravè Fondasyon NFL la ki pran angajman bay “kits” (pake) fon $45 milyon pou “USA Football” (Foutbòl Ozetazini) pou pwogramasyon ki gen ladan “Heads Up Football, NFL FLAG ak Pass & Kick. USA Football bay NFL FLAG, pouvwa pou ofri timoun tout laj opòtinite pou yo ka aktif e aprann foutbòl debaz nan yon anviwònman amizan.

Dr. Jayne Greenberg, Direktè Distri pou Eikasyon Fizik ak Konesans debaz sou Sante nan M-DCPS di, “Nan fè ekip avèk NFL nan patenarya FLAG, Fondasyon GENYOUth, Fuel UP To Play 60, ak National Recreation and Park Association ofri distri lekòl tankou Miami-Dade County yon opòtinite pou ede elèv atravè flag football devlope yon pasyon pou jwe,… Resous adisyonèl tankou sa a kriyèl nan kontinye adrese sante timoun nan anviwònman lekòl e ap asire nou fè yon pa pi pre nan leve yon jenerasyon timoun ansante.

Premye ane pwogram nan ap tonbe nan lè chanpyona nasyonal NFL FLAG la nan “Super Bowl XLIX” nan Arizona, avèk match chanpyona ki ap jwe nan eksperyans NFL pou premye fwa.

M-DCPS Pral fè yon jounen medya yon fwa yo resevwa ekipman Flag Football la. Pou plis enfòmasyon, ale nan http://www.mbcurl.me/R48C

 

###

14-DGD/050/DL/CF

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès