POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 20 mas 2014       

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

SIPÈENTANDAN AN/FPL ENTWODUI NOUVO ZOUTI POU DIREKTÈ JERE ENÈJI YO ITILIZE, RELANSE “DEFI ENÈJI SIPÈENTANDAN AN”

KISA:
Sipèentandan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) Alberto Carvalho ak Vis Prezidan Sèvis Kliyantèl “Florida Power and Light Company (FPL)” (Konpayi Elektrisite Florid) Marlene Santos pral entwodui yon nouvo zouti entèlijan pou jere enèji yo itilize e satisfè “Defi Enèji Sipèentandan an.”
KILÈ: 

Vandredi 21 mas 2014
3è – 4è nan aprèmidi

KI KOTE: 

Miami Senior High School
Media Center
2450 S.W. 1st Street
Miami, FL, 33135          

POUKISA:

“Defi Enèji Sipèentandan an” ofri yon ankourajman finansye bay tòp lekòl nan distri a ki redui enèji yo itilize. Nan itilize Tablo Kontwòl FPL pou biznis, plis pase 400 direktè ak administratè M-DCPS pral kapab wè enèji yo itilize nan lekòl yo e idantifye fason pou konsève enèji e bese bòdwo elektrik yo. “Defi Enèji Sipèentandan an” bay direktè yo 75 santim pou chak dola lekòl yo ekonomize nan depans enèji. Lajan yo bay yo ale nan fon diskresyonè lekòl la.  Sipèentandan Carvalho te lanse pwogram ekonomi-enèji a nan kòmansman ane lekòl 2009-10 la, e li ogmante defi a nan itilize zouti Tablo Kontwòl la pou ede direktè yo aprann plis sou enèji yo itilize e idantifye opòtinite pou fè ekonomi. 

FPL mete ajou griy elektrik la pou fè li vin pi entèlijan e pi fyab pou 4.7 milyon kliyan li yo atravè eta a.  Yon griy ki pi entèlijan debouche sou yon zouti ki pi entèlijan pou kliyan yo. Tablo Kontwòl la pèmèt administratè ak direktè lekòl wè enèji nan pwòp lekòl yo itilize pa mwa, jou, lè, e nan kèk ka, entèval 15-minit. Avèk Tablo Kontwòl Enèji a, yon lekòl ka:
·Fè previzyon e fè bidjè enèji li itilize
·Konprann varyab ki afekte bòdwo yo – e aji sou yo
·Pi fasil pou idantifye ekonomi ki asosye avèk renovasyon efikase amelyorasyon ekipman yo
·Konprann kòman tanperati ak imidite afekte itilizasyon enèji ak bòdwo
·E plis toujou

OPÒTINITE POU ENTÈVYOU:     

·Manm Komisyon Konsèy M-DCPS Raquel Regalado
·Sipèentandan M-DCPS Alberto Carvalho
·Direktè Lekòl Segondè Miami Senior High Benny Valdes
·Vis Prezidan Sèvis Kliyantèl FPL Marlene Santos
·Ofisye Anchèf Etablisman M-DCPS Jim Torrens
·Manadjè Jeneral pou Deplwaman ak Operasyon Kontè Entèlijan FPL Dennis Reynolds

VIZYÈL:      

Nouvo Tablo Kontwòl Enèji FPL pou biznis

# # #

14-JS/051/TTR/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès