POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 9 septanm 2014

  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

KOMITE KONSÈY BON LEKÒL 21yèm SYÈK M-DCPS LA APWOUVE PREMYE RAPÒ ANYÈL LA

MIAMI – Komite Konsèy Bon Lekòl 21yèm Syèk “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) a apwouve Premye Rapò Anyèl ki evalye enplemantasyon pwogram “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) la.

Bob Martinez, Chèmann Komite Konsèy Bon Lekòl 21yèm Syèk la di, “Apwobasyon Premye Rapò Anyèl Bon Obligasyon Jeneral la demontre klèman, kòm yon distri lekòl, M-DCPS kenbe pwomès li pou l fèmen eka dijital la, nan mete teknoloji nan pwent dwèt elèv ak pwofesè e modènize lekòl nou yo avèk nouvo konstriksyon e renovasyon... “Avèk 70 pwojè ki deja fini oubyen ki prèske fini, distri a ap avanse agresivman pou renove oubyen ranplase bilding lekòl, pandan li ap amelyore aksè pou antite ti biznis ak biznis minoritè jwenn opòtinite ekonomik.”

Rapò konpreyansif la reflete distri a konplete plizyè etap enpòtan ki gen rapò ak bon an nan sèlman premye ane enplemantasyon an.  Gran liy yo anba a:

  • Enstalasyon teknoloji enstriksyonèl akselere pou lekòl ki gen ladan tablo entèraktif nan salklas yo ak amelyorasyon enfrastrikti ki gen rapò ak sa. Ane lekòl 2014-2015 la ouvè avèk enstalasyon prèske 11,000 tablo entèraktif nan salklas atravè distri a.
  • Bay ti biznis avèk siksè plis pase 420 sètifika, ki ap ouvè pòt opòtinite ekonomik pou antite sa yo
  • Bay kalifikasyon davans avèk siksè plis pase 200 ti konpayi konstriksyon ki ap trase chemen pou patisipasyon yo nan enplemantasyon GOB a
  • Pou pwojè 66 GOB ki te sou lis nan Ane 1, yo adisyone 13 konpayi achitekti sou lis la
    • Nan sa yo, uit sètifye kòm konpayi “Small Business/Micro Business Enterprise (MBE/SBE)” (Ti Biznis/Antrepriz Biznis Mikwo) e yo sètifye nèf konpayi kòm “Minority/Women-Owned Business Enterprise (M/WBE)” Antrepriz Biznis Minorite/Fi Posede).
  • Pou menm pwojè GOB 66 Ane 1 an, yo ajoute sis nouvo kontraktè lokal nan lis la, senk ladan yo se M/WBE sètifye
  • Konplete lansman konstriksyon pou tout 66 pwojè nan lekòl yo avèk achitèk ak kontraktè yo ba yo
  • Anboche yon konpayi ak kontraktè achitekti pou ranplase Lekòl Segondè Miami Norland pou $35 milyon. Pwojè sa a nan etap planifikasyon e li sou lis pou l kòmanse an otòn 2014. Pou maksimize benefis ekonomik lokal, pwojè sa a gen biznis lokal e demand pou travay lokal ki gen ladan:
    • 20 pousan bi patisipasyon SBE
    • 28 pousan bi patisipasyon M/WBE
    • 20 pousan bi itilizasyon travayè lokal
  • Anboche konpayi achitekti lokal, toude, SBE ak M/WBE sètifye, ak yon kontraktè pou $22 milyon pou ajoutman 6yèm-12yèm ane eskolè nan M.A.S.T. nan Virginia Key ak pou renovasyon M.A.S.T. yo. Pwojè sa a an konstriksyon e yo pwojekte fini li ann ete 2015. Pou maksimize benefis ekonomik lokal, pwojè sa a gen demand patisipasyon biznis ak travayè lokal ki gen ladan:
    • 15 pousan bi patisipasyon SBE
    • 24 pousan bi patisipasyon M/WBE
    • 10 pousan bi itilizasyon travayè lokal
  • Anboche kat konpayi achitekti MBE lokal sètifye pou uit pwojè GOB nan Ane 2 ki vo mwens pase $200 Mil
  • Anboche sèt kontraktè MBE lokal sètifye pou uit pwojè bon yo mansyone anwo yo.

Anplis, Biwo Bilding Lekòl la ak Biwo Opòtinite Ekonomik la bay enfòmasyon k ap suiv la konsènan pwogrè bon an.

  • M-DCPS te met ansanm yon ekip pwofesyonèl entèn ki soti nan plizyè depatman pou revize e reponn enkyetid ki soti nan gwoup kominotè sou enplemantasyon bon an. Gwoup la te rankontre pou plis pase sis fwa nan dènye de (2) mwa yo e te fè plis pase 50 reyinyon depi fevriye 2013.
  • M-DCPS kontinye ogmante opòtinite li yo avèk Ti konpayi, konpayi Mikwo ak M/WBE sou pwojè GOB yo. Sou 25 pwojè yo negosye nan Ane 1 yo (24 date anvan Pwogram S/MBE distri a) san bi:     
    • 53.13 pousan dola yo ($22,774,787.62) ale nan konpayi M/WBE
    • 42.85 pousan dola yo ($18,369,363.50) ale nan konpayi SBE
    • 42.48 pousan dola yo ($18,207,165.29) ale nan konpayi Ispanik-Ameriken
    • 9.75 pousan dola yo ($4,181,357) ale nan konpayi Afriken-Ameriken
    •  

Sa yo te diskite nan reyinyon jodi a tou se te “Comprehensive Disparity Study” (Etid Inegalite Konpreyansif) pou Lekòl Leta Miami-Dade County. Sipèentandan Lekòl yo Alberto Carvalho di, “Pa gen eskiz pou inegalite ki byen dokimante e ki an egzistans depi 25 ane nan distri lekòl sa a e nan kominote a an jeneral. Se poutèt sa, menmlè distri lekòl la kontinye fè gwo efò pou amelyore inegalite nan bay kontra, mwen ap komisyone yon twazyèm pati endepandan pou espesifikman egzamine eleman soutretans nan etid inegalite nan vèsyon distri a... Li pi enpòtan pou fè li byen pase pou tou senpleman fè li.”

M-DCPS ap fè yon seri reyinyon kominotè atravè distri a pou bay paran ak kominote enfòmasyon ki ajou sou Bon Obligasyon Jeneral la. Reyinyon aswè a pral fèt nan Lekòl segondè Miami Springs, 751 Dove Avenue, kòmanse a 6:30 diswa. Pou yon lis reyinyon kominotè yo pwograme e pou pwojè Bon Obligasyon Jeneral yo gen pou fè, silvouplè vizite www.dadeschools.net.

 

###

14-DGD/051/TTR/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès