POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 9 septanm 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL MWAYEN CAROL CITY AP PATISIPE NAN JOUNEN NASYONAL PAPA MENNEN PITIT OU LEKÒL, 10 SEPTANM

Lekòl Mwayen Carol City pral patisipe nan Jounen Nasyonal 2014 Papa Mennen Pitit ou Lekòlvandredi 10 septanm. Lekòl la lokalize nan 3737 NW 188th St., Miami Gardens, FL 33055.

Selebrasyon evènman angajman sa a gen pou bi enspire papa ak fanmi yo pou yo pi angaje nan edikasyon pitit yo.  Yo atann pou yon milyon papa atravè peyi a patisipe nan evènman ane sa a ki gen ladan Jounen Nasyonal Papa Mennen Pitit ou Lekòl ak Mach yon Milyon Papa a.  Depi kòmansman Mach yon Milyon Papa a yon deseni desa, prezans premye jou nan Chicago ogmante de 85 pousan an 2004 pou apeprè 95 pousan an 2011.

Patisipan prensipal nan Jounen Nasyonal 2014 Papa Mennen Pitit ou Lekòl gen ladan papa, granpapa, papa adoptif, bòpè, tonton, kouzen, gran frè, gason ki bay swen, konseye ak zanmi fanmi, men yo ankouraje tou fi ak moun nan tout etnisite pou patisipe.

10 septanm 2014:

  • Yo mande pou papa akonpaye pitit yo lekòl e enskri pou fè volontè pou 10 èdtan pandan ane lekòl la nan lekòl sa a.
  • Yo mande ofisyèl eli yo pou vizite lekòl pou ede paran ak anplwaye yo konprann kòman pou fè meyè règ leta e pou enspire yo goumen pou finansman adekwat.
  • Yo mande lidè ki nan asosyasyon relijye yo pou priye otou lekòl yo e pou enstitisyon relijye yo a “adopte” youn oubyen plis lekòl.
  • Yo mande lidè biznis yo pou yo bay papa ak lòt gason omwen de (2) zè lib, peye, nan maten, pou mennen pitit yo lekòl nan premye jou lekòl la E jou ki 10 septanm.

Sa ap enspire elèv nou yo pou yo wè papa yo ak gason nan lekòl yo premye jou lekòl la e nan Jounen Nasyonal Papa Mennen Pitit ou Lekòl la.  E avèk patisipasyon yo, papa ak gason pral jwenn ankourajman pou sipòte pitit yo e pou travay avèk lekòl yo atravè nouvo ane lekòl la.  

Rechèch montre timoun papa yo jwe yon wòl aktif nan vi edikasyonèl yo travay pi byen lekòl (yo fè meyè nòt, yo gen pi gwo nòt nan egzamen, yo renmen lekòl plis, yo gen mwens absans, e yo pi souvan gradye nan lekòl segondè e ale nan kolèj). Anplis, timoun papa yo tande yo e pale avèk yo regilyèman, e ki aktif nan lavi yo, gen mwens pwoblèm konpòtman.

 

###

14-DGD/052/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès