POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 1 avril 2014  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN LEKÒL MWAYEN G.W. CARVER KÒM YON GAYAN GRAN PRIM NAN KONPETISYON SAMSUNG “SOLVE FOR TOMORROW”   

Yo nonmen Lekòl Mwayen G.W. Carver kòm youn nan senk gayan gran prim nan konpetisyon Samsung 2014 “Solve for Tomorrow” (Solisyon pou Demen).  Yo te kreye konpetisyon an an 2010 pou ogmante konsyantizasyon ak enterè nan “Science, Technology, Engineering, and Mathematics (STEM)” (syans, teknoloji, jeni, ak matematik) pami elèv lekòl leta nan Etazini.  Yo te chwazi gayan yo pami plis pase 2,300 elèv nan tout peyi a.            

Patisipan yo te gen kòm defi pou yo aplike sa yo aprann nan salklas pou rezoud pwoblèm nan kominote yo e kreye videyo pou montre solisyon pou defi sa yo.  Videyo Lekòl Mwayen Carver te  prezante a te gen tit, “Old Smokey’s Dirty Secret”, ki detaye kijan elèv jwenn  enspirasyon pou yo chèche evidans syantifik pou atire atansyon sou yon defi  anviwònmantal nan kominote a, ansyen ensineratè fatra vil la, yon fason pou yo  ankouraje piblik la aji.            

Lekòl Mwayen Carver genyen Prim Chwa Kominotè a avèk prèske 11,000 vòt piblik sou Entènèt.  Kat   lòt lekòl ki genyen gran prim yo lokalize nan Montana, New Jersey, Pennsylvania, ak Washington.  Senk gayan nasyonal yo ap resevwa yo chak, pwodui teknoloji pou plis  pase $140,000 tankou tablo entèraktif ak laptòp e y ap onore yo nan yon asanble prim  nan Washington, D.C. 30 avril.  Depi 2004, pwogram edikasyon Samsung ofri plis pase  $13 milyon nan pwodui teknoloji bay plis pase 500 lekòl leta nan Etazini.    

###

14-JJS/053/VVL/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès