POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 15 septanm 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

 ALYANS POU YON JENERASYON KI PI ANSANTE ONORE SÈT LEKÒL ki KONBAT
OBEZITE ANFANS
Pran Anchaj Efò Konpreyansif pou Sante, Aktivite Fizik, ak Byennèt

‘‘The Alliance for a Healthier Generation’’ (Alyans pou yon Jenerasyon ki pi Ansante), ‘‘The American Heart Association’’ (Asosyasyon Ameriken Kont Maladi Kè) ak Fondasyon Clinton fonde, rekonèt sèt “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) avèk Prim Nasyonal Lekòl Ansante 2014 dèske yo transfòme anviwònman yo tounen andwa ki pi ansante. Gayan yo gen ladan:

Bent Tree Elementary School – Prim Bwonz
Charles R Hadley Elementary School – Prim Bwonz
Cutler Ridge Elementary School – Prim Ajan
Melrose Elementary School – Prim Ajan
Royal Palm Elementary School – Prim Ajan
Nautilus Middle School – Prim Ajan
North Miami Elementary School – Prim Ajan

Sèt lekòl yo te resevwa prim sa a nan Somè 2014 Lidè Alyans la nan Washington, DC 13 septanm nan.  Envite Alyans yo te gen ladan Doktè Lawrence Feldman, Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la, ak Penny Parham, Direktris Manje ak Nitrisyon, toude, se sipòtè pasyone nan Pwogram Lekòl Ansante nan M-DCPS e yon gwo pati nan siksè pwogram nan.  Anplis, pwòp Jan Duemmling nou an ki soti nan Lekòl Elemantè North Miami te patisipe nan entèvyou televizyon ak radyo nasyonal.

Pou resevwa Prim Nasyonal Lekòl Ansante, lekòl yo dwe te amelyore sèvis nitrisyon ak byennèt yo ak pwogram aktivite fizik pou satisfè oubyen depase estanda rigoure Pwogram Lekòl Alyans pou yon Jenerasyon ki pi Ansante mete sou pye.  Pwogram Lekòl Ansante a bay lekòl yo gidans, devlopman pwofesyonèl, aksè a ekspè nasyonal, ak resous ki baze sou evidans e zouti pou ede yo kreye e kenbe yon anviwònman lekòl ansante.  Lekòl yo elijib pou Prim Nasyonal Lekòl Ansante Bwonz, Ajan, oubyen Lò baze sou nivo akonplisman yo.  Pwogram Alyans pou Lekòl Ansante a ede plis pase 24,000 lekòl ogmante kalite aktivite fizik yo, edikasyon sou lasante, ak manje nouriti ki bon pou lasante; e ane sa a, yo rekonèt 250 lekòl avèk yon Prim Nasyonal Lekòl Ansante.

Fondasyon Robert Wood Johnson sipòte Pwogram Lekòl Ansante a.  Pou vin tounen yon andwa ki pi ansante pou elèv aprann e pou anplwaye travay, nenpòt lekòl Ozetazini ka enskri e resevwa asistans ak sipò, gratis. W ap jwenn plis enfòmansyon nan HealthierGeneration.org.

 

###

14-DGD/053/DL/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès