POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 10 septanm 2014      

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

“HANDS ON MIAMI”, LEKÒL ELEMANTÈ HOLMES AP OBSÈVE        
JOUNEN PATRIYOTIK AK JOUNEN SÈVIS

KIYÈS: 
Elèv ak anplwaye Lekòl Elemantè Holmes; volontè òganizasyon “Hands on Miami” (Men sou Miami), avèk reprezantan Gran Magazen “Target”, Kabinè Avoka Holland ak Knight, The Miami Marlins, One Bal Harbour Resort; sekouris ak moun yo envite
KISA:
Obsèvans anivèsè 9/11
KILÈ: 

Jedi 11 septanm 2014
9è dimaten

KI KOTE: 

Holmes Elementary School
1175 NW 67 Street
Miami, FL 33150 

POUKISA:

Yo ap fè yon pwogram nan kafeterya lekòl la a 9è dimaten avèk sekouris yo kòm prezantatè prensipal. Aprè pwogram nan, volontè ak elèv Holmes pral pèfòme diferan pwojè sèvis kominotè ki gen ladan prepare pake atik pou swen pou sòlda nou yo avèk asistans ekip “Forgotten Soldiers Outreach” (Èd pou Sòlda yo Bliye); plante yon jaden legim; ekri lèt remèsiman pou sòlda; e pentire yon miral “5 Pillars of Power” (5 Fòs Poto Mitan) lekòl yo.

# # #

14-DGD/054/JS/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès