POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 2 avril 2014       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS ONORE DIREKTÈ, SOU-DIREKTRIS POU ANE A
 

MIAMI – “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) onore meyè direktè ak sou-direktris li yo nan seremoni prim “Dade Association of School Administrators (D.A.S.A.)” (Asosyasyon Administratè Lekòl Dade) te patwone, 20 mas la nan Jungle Island. Jose Bueno, ki ap sèvi kòm direktè nan Lekòl Segondè Hialeah-Miami Lakes, se gayan pou meyè Direktè nan Distri a pou ane a.

Bueno, ansyen elèv Lekòl Leta Miami-DadeCounty, tesèvi kòm administratè nan plizyè lekòl kòmanse depi 1997.  Li rale Lekòl Segondè Hialeah-Miami Lakes soti nan   “D” rive yon “B.”  Li te yon pwofesè pou Etid Syans diran kat ane anvan li te vin Sou- Direktè nan Lekòl Mwayen Citrus Grove.

Yo te rekonèt Lisset Vazquez-Rios ki gensenk ane nan Lekòl Segondè Southwest Miami kòm Sou-Ditektris pou ane a. Vazquez-Rios te sèvi kòm Sou-Direktris pandan 5 ane. Resamman yo vin nonmen li Direktris nan Bowman Ashe/ Howard Doolin “K-8 Academy” (Akademi Jadendanfan rive Uityèm Ane Eskolè).

Direktè pou ane a resevwa $3,000 e Sou-Direktè pou ane a resevwa $2,000.  Patwonè ki bay plis kach pou prim yo se AXA-Equitable ak Wells Fargo.  Gayan yo ap resevwa tou don kòbèy ki sòti nan men patwonè evènman an ki gen ladan: 94th Aero Squadron, Britto Central Inc., Compass Learning, EdGenuity, Herff Jones, Marco Island Marriott, Marco Polo Beach Resort, Miami Children’s Museum, Miami Marlins, Miami Seaquarium, Nova Southeastern University, Voyager Sopris, Seasons 52, Smith & Wollensky, Newport Beachside Hotel ak Coco Key – Orlando.

Nan seremoni an tou yo te rekonèt Kelly Hunter-Sheppard ki nan Sant Leisure City K-8 Center, ki te pran dezyèm plas pou direktè pou ane a ak Lenere J. Dawkins nan Lekòl Segondè Miami Central, ki pran dezyèm plas kòm Sou-Direktè pou ane a.

 

###

14-JS/054/GC/CF

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès