POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 2 avril 2014       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS ANONSE GAYAN YON KONPETISYON DISÈTASYON PRESTIJYE

Lekòl Leta Miami-Dade County, an patenarya avèk “The Elie Wiesel Foundation for Humanity,” LRN, “Miami-Dade County Fair & Exposition” ak “The Betsy-South Beach”, te prezante resamman Prim Fondasyon Elie Wiesel nan Konpetisyon Disètasyon sou Etik la.

Konpetisyon sa a ki ouvè pou elèv onzyèm ane ak douzyèm lekòl segondè, ankouraje elèv aplike apèl pou aksyon, gayan Pri Nobèl Elie Wiesel te lanse, pou yo “think higher, feel deeper” konsènan pwoblèm etik ijan y ap konfwonte nan mond la jodi a.  Wiesel ankouraje elèv yo pou yo toujou genyen yon “swaf pou aprann” ak yon “swaf pou dekouvri” pami yo.     

Gayan yo genyen ladan:   


1ye Plas: Bousdetid $3,000

Diego Ramirez

Lekòl Segondè Homestead  

2yèm Plas: Bousdetid $2,000

Carmen Vargas

Akademi pou Etid Avanse  

3yèm Plas: Bousdetid $1,000

Haley Zilberberg

Lekòl Segondè Miami Killian  

Mansyon Onorab: Bousdetid $250

Amanda Yancoskie

SAS North

Mansyon Onorab: Bousdetid $250

Omari Walker

Akademi “Young Men’s Prep.”  

Mansyon Onorab: Bousdetid $250

Cassandra Velazquez

Lekòl Segondè Coral Reef  

Mansyon Onorab: Bousdetid $250

Victoria De La Torre

Akademi iPrep

Sètifika Kado Target: $100

Shay Shivers

Lekòl Segondè South Dade  

Sètifika Kado Target: $100

Andres Quesada

Lekòl Segondè Alonzo & Tracy Mourning

Sètifika Kado Target: $100   

Ana Olano

Lekòl Segondè Ronald W. Reagan/Doral       

Nòt Editè a: Atachman foto.     

(Goch-Dwat): Ofisye Egzekitif Anchèf LRN Dov Seidman, gayan 1ye Plas Prim Fondasyon Elie Wiesel nan Disètasyon sou Etik Diego Ramirez ak Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ap selebre akonplisman Diego a.

Finalis Konpetisyon Disètasyon sou Etik Fondasyon Prim Elie Wiesel, ansanm avèk manm Komisyon Konsèy Lekòl yo, Ofisye Egzekitif Anchèf LRN Dov Seidman ak Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho.

###

14-JJS/055/DF/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès