POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 11 septanm 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

OEO AKSEPTE SÈTIFIKASYON M/WBE NAN MEN ETA FLORID AK SFMSDC

“Office of Economic Opportunity (OEO)” (Biwo Opòtinite Ekonomik) “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) anonse jodi a li pral aksepte sètifikasyon “Minority and Women Business Enterprises (M/WBE)” (Antrepriz Biznis Minoritè ak Biznis Fi Posede) nan men Eta Florid ak “Southern Florida Minority Supplier Development Council (SFMSDC)” (Konsil Devlopman Founisè Minoritè Sid Florid).

Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, “Sètifikasyon an se meyè apwobasyon pou ti biznis ak biznis minoritè…  Mwen trè kontan nou kapab elaji opòtinite pou konpayi ki sètifye avèk M-DCPS.”

OEO gen plis pase 550 ti konpayi, konpayi Mikwo ak M/WBE.  M-DCPS genyen tou akò sou sètifikasyon Entè-lokal avèk Administrasyon Ti Biznis Etazini e Miami-Dade County.

Brian Williams, Ofisye Devlopman Ekonomik di, “Sètifikasyon resipwòk ak akò Entè-lokal diminye fado pwopriyetè ti biznis yo…  OEO pran angajman pou l senplifye sètifikasyon e ogmante opòtinite pou konpayi ki sètifye avèk M-DCPS.”

OEO pwomouvwa devlopman ekonomik ak ekspansyon Ti biznis, biznis Mikwo ak Minoritè atravè prekalifikasyon, konfòmite, inisyativ sèvis kominotè, ak sètifikasyon konpayi sa yo. OEO fè tout posib li pou asire Ti biznis, biznis Mikwo ak Minoritè gen opòtinite maksimòm pou fè biznis avèk Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County e pou ofri opòtinite egal-ego pou tout sektè kominote ki ap fè kontra ak yo.

Wòl Eta Florid la se amelyore opòtinite biznis ak ekonomik pou antrepriz biznis minoritè, ak biznis fi posede, ak veteran Florid.  Misyon Konsil Devlopman Founisè Minoritè Sid Florid se pou lye kòwoporasyon ak ajans leta avèk “Minority Business Enterprises (MBE)” (Antrepriz Biznis Minoritè) pou ankouraje devlopman ak ekspansyon biznis.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè vizite oeo.dadeschools.net oubyen kontakte Biwo Opòtinite Ekonomik la nan 305-995-1307.

 

###

14-DGD/055/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès