POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 11 septanm 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

PREMYE DAM MICHELLE OBAMA REKONÈT LEKÒL MWAYEN NAUTILUS DÈSKE YO VIV YON FASON KI ANSANTE

Premye Dam Etazini Michelle Obama resamman felisite Lekòl Mwayen Nautilus kòm youn nan lekòl ki pi ansante nan Amerika poutèt li te ranpòte Prim Rekonesans Nasyonal pou “Let’s Move! Active Schools” (Ann Avanse! Lekòl Aktif) nan ete ki sot pase a. Nan felisite lekòl la, Madan Obama deklare “Fòs nou kòm yon peyi e kapasite nou pou fòme fiti nou avèk responsablite depann sou konbat obezite nan anfans, e mwen enspire ak travay Lekòl Mwayen Nautilus ap fè pou ede bati yon demen ki pi briyan pou pwochen jenerasyon nou an.”
                                                                                                        
Yo bay prim nasyonal sa a nan lekòl ki pwomouvwa aktivite fizik nan mitan elèv yo pou 60 minit pandan jounen lekòl la, chak jou nan ane lekòl la. Aktivite sa a se yon branch Alyans pou yon Jenerasyon ki Pi Ansante Pwogram Lekòl Ansante Nautilus adopte, ki ankouraje lekòl ki pi ansante yo fè sèten chanjman sou sante. Se yon cheminman kote lekòl kontinyèlman fè yon tchèk sou kondisyon, travay sou fè amelyorasyon, aprann de siksè ak defi, e kontinye siveye pwogrè. Lè yon lekòl repete pwosesis sa a chak ane, li vin entegre nan kilti lekòl la ki ap fasilite inisyativ sante sa a pran pye.

Pwogram nan ankouraje Lekòl Elemantè Nautilus kreye e kenbe yon anviwònman ki ansante kote elèv yo adopte yon sistèm edikasyon fizik, aprann sou edikasyon fizik, e devlope abitid nitrisyonèl ki bon pou sante nan bay elèv opsyon manje ki bon pou sante nan meni dejene ak repa midi yo.

 

###
                                                                           

14-DGD/057/TC/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès