POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 9 avril 2014       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

AKADEMI KARYÈ LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY DEPASE PÈFÒMANS TOUT DISTRI LEKÒL KÒM PWOGRAM YO REKONÈT NASYONALMAN

Miami, FL – Lekòl Leta Miami-Dade County pral ajoute kat nouvo Akademi Distenge sou twa akademi karyè “National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal) Distenge li deja genyen yo.

“Academy of Hospitality & Tourism (AOHT)” (Akademi Ospitalite ak Touris) Lekòl Segondè Alonzo & Tracy Mourning, “Academy of Finance (AOF)” (Akademi Finans) Lekòl Segondè Coral Reef, AOF “Mater Academy East Charter” ak “Academy of Information Technology (AOIT)” (Akademi Enfòmatik) Lekòl Leta Miami Central jwenn ak AOHT Lekòl Segondè Miami Beach, AOHT Lekòl Segondè Miami Norland ak AOF Lekòl Segondè Southwest Miami ki deja Akademi Distenge.  Lekòl Leta Miami-Dade County genyen kounye a sèt nan 22 akademi kalite siperyè yo rekonèt nasyonalman, sa demontre pwogram yo pèfòme nan nivo pi wo nan prepare elèv yo pou kolèj ak karyè. Distenksyon nasyonal sa a se pi gwo kalite distenksyon nenpòt distri lekòl ka resevwa.

Anplis, Miami genyen 23 Akademi Modèl (pi gwo kantite nenpòt distri lekòl ka genyen) ki satisfè pi gwo pwopòsyon nan estanda akademik yo.  Lè yon distri resevwa nòt rekonesans kòm yon Akademi Modèl sa montre pi gwo nivo fidelite a modèl akademi karyè NAF ki ofri elèv aksè a kourikoulòm espesifik pou endistri, eksperyans aprantisaj ki baze sou travay, ak relasyon avèk pwofesyonèl biznis.  Yo aliyen akademi karyè sa yo avèk inisyativ “One Community One Goal” (Yon Kominote Yon Bi) ki vize gwo endistri ki enfliyanse ekonomi Miami an.

Men Akademi ki genyen prim NAF nan Miami-Dade County pou 2014:

LEKÒL

TÈM AKADEMI

PRIM

Alonzo & Tracy Mourning

Ospitalite ak Touris

Distenge

 

Enfòmatik

Modèl

American Senior High School

Ospitalite ak Touris

Modèl

Barbara Goleman Senior High School

Finans

Modèl

 

Ospitalite ak Touris

Modèl

Booker T. Washington Senior High School

Jeni

Modèl

 

Finans

Modèl

 

Enfòmatik

Modèl

Coral Reef Senior High School

Finans

Distenge

G. Holmes Braddock Senior High School

Enfòmatik

Modèl

Hialeah Gardens Senior High School

Jeni

Modèl

 

Finans

Modèl

 

Ospitalite ak Touris

Modèl

 

Enfòmatik

Modèl

Homestead Senior High School

Ospitalite ak Touris

Modèl

Mater Academy East Charter

Finans

Distenge

Miami Beach Senior High School

Ospitalite ak Touris

Distenge

Miami Central Senior High School

Enfòmatik

Distenge

Miami Jackson Senior High School

Finans

Modèl

Miami Lakes Educational Center

Syans Sante

Modèl

Miami Norland Senior High School

Ospitalite ak Touris

Distenge

Miami Springs Senior High School

Ospitalite ak Touris

Modèl

Miami Sunset Senior High School

Finans

Modèl

 

Ospitalite ak Touris

Modèl

 

Enfòmatik

Modèl

North Miami Beach Senior High School

Finans

Modèl

 

Enfòmatik

Modèl

Southwest Miami Senior High School

Finans

Distenge

William H. Turner Technical Senior High School

Finans

Modèl

 

Enfòmatik

Modèl

Depatman Edikasyon Karyè Teknik M-DCPS ofri elèv yo yon edikasyon karyè teknik kalite siperyè, apwopriye, ki bay elèv yo ladrès ak konesans yo bezwen pou jwenn siksè nan kolèj ak nan karyè pou nouvo ekonomi an. Pou plis enfòmasyon, ale nan: http://dcte.dadeschools.net.

Apwopo NAF:
“National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal) se yon rezo akademi karyè rekoni ki baze sou tèm karyè ki ouvri pòt pou elèv lekòl segondè ki pa jwenn ase sèvis pou karyè ki pratik.  Akademi NAF yo konsantre sou youn nan senk tèm karyè: finans, ospitalite ak touris, enfòmatik, jeni, ak syans sante. Prèske 5,000 volontè pwofesyonèl biznis nan salklas, aji kòm konseye, yo engaje elèv NAF nan estaj peye, e yo sèvi nan komite konsèy lokal. An 2013, Akademi NAF yo te rapòte 96 pousan elèv lekòl segondè te gradye. Pou plis enfòmasyon, ale nan http://naf.org

 

###

14-JJS/058/VVL/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès