POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 11 avril 2014     

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV M-DCPS PATISIPE NAN PWOGRAM ANBISYON
AKADEMI AVYASYON NASYONAL LA
Prepare Elèv pou Karyè “STEM”

MIAMI – Elèv Jeni ak Enfòmatik Miami-Dade County ki nan lekòl segondè Booker T. Washington, Miami Central, Miami Coral Park, North Miami ak Ar Teknik William H. Turner, e Sant Edikasyonèl Miami Lakes te patisipe nan dezyèm Pwogram anyèl Eksplore Anbisyon, yon eksperyans ki gen rapò ak karyè STEM nan Akademi Avyasyon Nasyonal nan Pensacola.

Elèv, nan 9yèm jiska 11yèm ane eskolè avèk diferan nivo ladrès matematik ak syans, te pase vakans prentan yo kòm patisipan nan pwogram san parèy sa a nan Baz Ayewonaval Pensacola a. Yo te separe elèv yo an ti gwoup e yo te angaje yo nan aktivite pou ranpli tach yo te ba yo avèk manm ekip yo.  Elèv yo resevwa fòmasyon entansif nan sèvi avèk diferan teknoloji ki gen ladan similatè ak jwèt reyalite sou òdinatè ki bay prèv yo enspire elèv nan akonplisman akademik wo nivo nan disiplin STEM.

Glover Rogers, pwofesè ar endistriyèl nan Lekòl Segondè North Miami, di, “Teknoloji yo te entwodui bay elèv yo e fason yo te aprann yo sèvi ak matematik, panse kritik, ak ladrès kominikasyon e kolaborasyon pou rezoud pwoblèm reyèl nan mond lan kritik pou siksè nan mache travay la.”

Depatman Edikasyon Karyè ak Teknik M-DCPS ofri elèv yon edikasyon karyè teknik siperyè e apwopriye, nan bay elèv ladrès ak konesans yo bezwen pou jwenn siksè nan kolèj ak karyè pou nouvo ekonomi an. Pou plis enfòmasyon, ale nan: http://dcte.dadeschools.net.

http://www.nationalflightacademy.com/ambition-program/

Apowopo Akademi Avyasyon Nasyonal:
“The National Flight Academy (NFA)” (Akademi Avyasyon Nasyonal) se yon branch Fondasyon Mize Avyasyon Naval.  Depi 2010, plis pase 600 lekòl ak 350,000 timoun patisipe nan pwogram Avyasyon pou Ekselans li a.  Fondasyon an kreye tou “Flight Adventure Deck”, yon ekspozisyon 38 estasyon entèraktif sou avyasyon, ki adrese prensip syantifik ak matematik ayewodinamik, pwopilsyon ak metewoloji.

 

###

14-JJS/059/VVL/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès