POU DIFIZE IMEDYATMAN
Samdi 12 avril 2014       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL SEGONDÈ MIAMI BRIYE NAN SEREMONI RE-OUVÈTI A 

Selebrite, ak ansyen elèv, direktè ak pwofesè, elèv, ofisyèl eli ak rezidan lokal te pami
moun yo te envite nan dat 11 avril pou re-ouvèti Lekòl Segondè Miami, aprè restorasyon konplè,
ansanm ak ekstansyon bilding, nan lekòl Segondè ki pi enpòtan nan Miami an.

Plan ki pi enpresyonan Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade janm egzekite a te kòmanse  
an 2005 avèk yon bidjè total pou pwojè a yo te planifye pou $135 milyon sou yon peryòd
finansman katran.  Kriz ekonomik 2008 la te fòse yo re-evalye pwojè a, e anba administrasyon
Sipèentandan Alberto M. Carvalho, yo te lanse yon plan konstriksyon ki gen plizyè faz,   
sou katran ann oktòb 2009 avèk yon kontra konstriksyon yo te bay pou $49.8 milyon. 
Travay yo te fini ale e yo pa t depase bidjè $54.8 milyon Komisyon Konsèy la te  
apwouve, ki gen ladan yon 10 pousan yo mete akote pou evènman enprevi.       

Nouvo Lekòl Segondè Miami an genyen yon sal teyat (oditoryòm) avèk nouvo plas pou chita, sistèm son ak chandelye yo restore; yon sant medya yo restore avèk sipò dekoratif yo renove avèk prekosyon, ki te kache pandan prèske 50 ane; yon jimnazyòm istorik mayifik, yo te bay ti non “Azil”, yo konplete avèk èkondisyone; ak 1,000 nouvo plas pou elèv ak bilding dènye kri yo renove avèk teknoloji entèraktif pou jenerasyon k ap vin aprè yo.    

Yo onore Lekòl Segondè Miami nasyonalman nan domèn akademik, atletik ak ar e anpil ansyen elèv li ap sèvi nan kominote nou an.  Yo te envite anpil moun pou retrase restorasyon an atravè atelye ak vizit lekòl la, e pou ale nan yon seremoni re-ouvèti nan sal teyat lekòl la.

###

   14-JJS/060/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès