POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 14 avril 2014           

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS AP FÈ YON EVÈNMAN LANSMAN KONSTRIKSYON

KIYÈS: 
Anplwaye, elèv, paran Lekòl Leta Miami-Dade County, ofisyèl Vil Doral, reprezantan Codina Partners, ak sitwayen ki enterese
KISA:
Evènman Lansman Konstriksyon
KILÈ: 

Madi 15 avril 2014
10è dimaten

KI KOTE: 

Downtown Doral Charter Elementary School
8500 N.W. 52 Street
Doral, FL 33166          

POUKISA:

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County fòme yon patenarya san parèy avèk Codina Partners e Vil Doral pou bati yon lekòl “charter” “soti atè rive jis anlè” Distri a jere. Se premye lekòl nan konte a ak nan eta a, e sanble nan peyi a, kote yon distri lekòl, yon devlopè prive ak yon minisipalite te ka fè yon patenarya trè espesyal kote tout moun genyen.

Lekòl Elemantè Downtown Doral Charter, ki sou lis pou l ouvri an 2015, pral akomode plis pase 800 timoun nan klas matenèl rive nan senkyèm ane eskolè e li ap sèvi pifò zòn rezidansyèl yo rele Lavil Doral la.

 

# # #

13-JJS/061/TTR/RL

Retounen sou Nòt pou Laprès