POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 24 septanm 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

PLIS PASE 600 EDIKATÈ MIAMI-DADE PRAL TRANSFÒME ANSÈYMAN AK APRANTISAJ AVÈK JOUNEN APRANTISAJ DIJITAL

Yo ap itilize plis pase 200,000 resous dijital nan enstriksyon, prèske 11,000 Tablo “Promethean” enstale nan salklas nou yo, e plis pase 50,000 aparèy mobil deplwaye nan lekòl nou yo, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kontinye ofri edikatè ak elèv li yo anviwònman aprantisaj dijital ki dinamik. Nan kontinyasyon tranzisyon dijital li a, plis pase 600 edikatè pral patisipe nan youn nan pi gwo jounen fòmasyon pwofesyonèl nan istwa distri a. Trant nan patnè edikasyonèl ak teknoloji distri a, ki gen ladan “Discovery Education”, “McGraw-Hill”, “Microsoft” ak “Promethean USA” pral reyini ansanm anba yon sèl plafon pou fòme edikatè distri a sou kòman pou itilize kontni ak teknoloji dijital pi byen pou maksimize angajman elèv pandan akonplisman yo ap ogmante.

KIYÈS: 

Marie Izquierdo, Ofisye Anchèf Akademik nan M-DCPS
Lance Rougeux, “Discovery Education”
Plis pase 600 Administratè ak pwofesè nan Lekòl Leta Miami-Dade County

KISA:
Konferans Jounen Aprantisaj Dijital pral ofri edikatè estrateji ki fè prèv yo nan entegre kontni dijital ak teknoloji nan enstriksyon salklas efikasman. 
KILÈ: 

Jedi 25 septanm 2014
8è dimaten – 3:30 nan aprèmidi
Disponiblite medya a 10è dimaten

KI KOTE: 

Miami Jackson Senior High School
1751 NW 36 Street,
Miami, FL 33142  

POUKISA:

Sesyon nan itilize teknoloji entèraktif tankou tablo “Promethean” ak aparèy dijital pèsonèl                                            
Fòmatè ak edikatè ki ap travay ansanm e eksplore koleksyon kontni dijital ki disponib pou tout elèv nan distri a

MEDYA SOSYAL:

@MDCPS
#DigitalDay

# # #

14-DGD/062/DL/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès