POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 17 avril 2014         

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS AP PREZANTE 4YÈM BAL ANYÈL POU ELÈV LEKÒL SEGONDÈ KI GEN OTIS    

KIYÈS: 
Elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ki gen otis, administratè, pwofesè, paraprofesyonèl, ajans kominotè, patnè edikasyonèl, reprezantan biznis lokal ak nasyonal    
KISA:
4yèm Bal Anyèl pou Elèv Lekòl Segondè ki gen “Autism Spectrum  Disorder (ASD)” (Otis)    
KILÈ: 

Jedi 1ye me 2014
9è dimaten – 1è nan aprèmidi   

KI KOTE: 
University of Miami
Student Activities Center, Grand Ballroom    
1330 Miller Drive
Coral Gables, FL 33146          
POUKISA:

Apeprè 500 elèv lekòl segondè prale nan evènman enpòtan sa a, ki pral ba yo yon eksperyans inoubliyab pandan elèv ki gen ASD ini yo ansanm pou selebre rityèl enpòtan sa a.     

Elèv yo pral patisipe nan eksperyans “bal” konplè a nan abiye ak toksedo e wòb seremoni, pran yon foto bal, danse mizik yon “disc jockey” (dj) pwofesyonèl ap jwe, e kouwone yon wa ak yon rèn. Kèk elèv ap menm rive nan yon limouzin!    

Bal la gratis pou elèv ASD k ap patisipe, grasa jenewozite ajans kominotè,   patnè edikasyonèl, ak biznis nasyonal/lokal ki bay fon pou sipòte evènman memorab sa a.   

 

# # #

14-JJS/063/VVL/RL

Retounen sou Nòt pou Laprès