POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 19 septanm 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

“SCHOOL FOR ADVANCED STUDIES” PRAL FÈ DE SESYON ENFÒMASYON SOU ADMISYON NAN KOLÈJ BONÈ POU ELÈV 10YÈM ANE ESKOLÈ, 27 SEPTANM

“School for Advanced Studies (SAS)” (Lekòl pou Etid Avanse), yon lekòl segondè anwolman doub aplen tan, pral fè sesyon enfòmasyon/aplikasyon samdi 27 septanm pou ane lekòl 2015-2016 la, nan de (2) kanpous “Miami Dade College (MDC)” (Kolèj Miami Dade):

  • Kendall Campus, 11011 SW 104 St. a 9è dimaten nan Jimnazyòm Bilding 7, ak
  • Homestead Campus, 500 College Terrace, (Homestead, Fl.) a 1è nan aprèmidi Chanm F222.

Yo envite tout elèv ki nan 10yèm ane eskolè Miami-Dade County kounye a ki gen yon mwayèn jeneral 3.0 minimòm pou yo aplike, e yo ka vin elijib pou admisyon lè yo fin satisfè tout demand pwogram nan, ki gen ladan resevwa nòt minimòm egzamen pou admisyon antre nan kolèj.  Plas enskripsyon yo limite.  Si kantite aplikan elijib yo depase kantite plas ki disponib, yo ap itilize yon pwosesis seleksyon pa aza.
 
Elèv ki ale nan SAS fini de (2) dènye ane lekòl segondè yo pandan yo prale nan MDC e, nan majorite ka, yo gradye an menm tan avèk toude, yon diplòm lekòl segondè ak yon diplòm “Associate of Arts.”  Elèv yo ap fè vrè eksperyans kolèj paske toude, kou anwolman doub yo ak kou lekòl segondè “Advanced Placement (AP)” (Plasman Avanse) yo fèt sou kanpous MDC.  Tout kou lekòl segondè yo se kou nivo AP eksepte kou preparatwa “Pre Calculus” (Matematik Preparatwa Wo Nivo) ak rechèch.
 
Elèv yo resevwa ekolaj, frè, liv gratis, e si yo elijib, y ap resevwa sèvis otobis lekòl ak transpòtasyon nan tren “Metrorail” Lekòl Leta Miami-Dade County finanse.      

SAS lokalize nan kat kanpous MDC:  Homestead, Kendall, Nò ak Wolfson.  Yo nonmen SAS resamman kòm “The Collegiate High School” (Lekòl Segondè Kolejyal) pou Miami-Dade County nan MDC. 
Pou plis enfòmasyon oubyen pou aplike, rele 305-237-0510 oubyen vizite sit Entènèt SAS la: sas.dadeschools.net.

###

14-DGD/063/GC/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès