POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 21 avril 2014       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL ELEMANTÈ SKYWAY NAN MIAMI-DADE AK LEKÒL ELEMANTÈ SANDY LANE NAN PINELLAS COUNTY RESEVWA $50,000 POU FINANSMAN TEKNOLOJI AK MATERYÈL KI SOTI NAN FON LEONORE ANNENBERG POU LEKÒL TIMOUN

Lè elèv nan Lekòl Elemantè Skyway nan Miami-Dade ak Lekòl Elemantè Sandy Lane nan Pinellas County retounen nan klas ann otòn, yo pral gen nouvo teknoloji ak materyèl estimilan pou amelyore kourikoulòm yo. Sa se gras a jenewozite Fon Leonore Annenberg pou Lekòl Timoun, ki bay chak lekòl yon don $50,000. Se “Council for Educational Change (CEC)” (Konsil pou Chajman Edikasyonèl) ki te nonmen lekòl yo. Li pa sèlman ede nan ekri don an men li pral sèvi tou kòm ajan fiskal e bay asistans avèk enplemantasyon.

Nan travay avèk CEC, patnè li nan Florid pou idantifye lekòl ki kandida yo, Fon Leonore Annenberg pou Lekòl Timoun bay don chak ane pou lekòl ki sèvi popilasyon elèv kote omwen 90 pousan elèv yo kalifye pou pwogram repa-midi gratis/pri redui gouvènman federal la.  Pwojè yo dwe fè efè tou sou chak elèv nan lekòl la e ofri valè ak itilite imedyatman.   Nan Lekòl Elemantè Skyway, òdinatè ak “white boards” (tablo blan) entèraktif pral ofri tout lekòl la bonjan aksè pou seri lekti ak matematik dijital, e Sandy Lane pral ajoute teknoloji, ki gen ladan tablo blan entèraktif ak òdinatè pòtab pou salklas ansanm ak liv pou sant medya a.

Dtè Gail Levin, Direktè Fon Leonore Annenberg eksplike, don pou lekòl elemantè ki soti nan Fon Leonore Annenberg pou Lekòl Timoun “ofri sipò pou ede satisfè yon gran kantite nesesite pou aprantisaj timoun...  Yo gen ladan materyèl pou yon pwogram syans anviwònmantal, yon nouvo teren jwèt ak estasyon pou byennèt fizik, yon sant medya ak estidyo ar ki renove, enstriman mizikal pou yon òkès lekòl, ak zouti teknoloji pou moun ki ap aprann lang Anglè.”

Anplis, Fon pou Lekòl ak Kominote Riral te nonmen de lòt lekòl nan Florid e li te bay don ki soti nan Fon Leonore Annenberg pou Lekòl.  Lekòl Elemantè Greenville nan Greenville pral sèvi ak teknoloji pa entegre mizik ak ar vizyèl nan kourikolòm nan, e Lekòl Elemantè Stewart Street nan Quincy pral resevwa liv bibliyotèk ak sant medya ki renove. Toulekat lekòl nan Florid yo ap fè acha ak lajan don yo kounye a pou pwojè yo ka prepare pou sèvis nan premye jou ane lekòl 2014 – 2015 la.

Konsil pou Chanjman Edikasyonèl
Sèvi kòm yon Katalizè pou Chanjman ak yon Konektè Resous pou Chak Timoun Ka Jwenn Siksè! Vizite www.ChangeEducation.org pou plis enfòmasyon.

Fon Leonore Annenberg pou Lekòl Timoun se yon pwojè Sant Règleman Piblik Annenberg nan Inivèsite Pennsylvania.  Leonore Annenberg (1918-2009) te sèvi kòm
Chèf Pwotokòl Etazini pandan premye tèm Prezidan Ronald Reagan. Travay filantwopik li te konsantre sou edikasyon, ar, ak zafè sivik.  Pou plis enfòmasyon vizite www.leonoreannenbergscholarships.org.

###

14-JJS/064/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès