POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 23 avril 2014        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN ALBERTO M. CARVALHO ENFÒME KOMITE KONSÈY ESPESYAL ODIT E BIDJÈ A POU DEVLOPMAN AJISTEMAN VALÈ YO

Sipèentadan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho te pale nan yon reyinyon espesyal Komite Konsèy Odit e Bidjè Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la 22 avril pou li enfòme manm komite a sou devlopman yo nan yon reyinyon “Value Adjustment Board (VAB)” (Komite Ajisteman Valè) Miami-Dade.  Carvalho te pale lavèy devan VAB a, ki te rekonèt yon pwoblèm avèk yon rediksyon taks sou pwopriyete ki ka yon defisi ki va afekte finansman pou lekòl yo. 

Yo te pase yon apèl pou Komite Konsèy Odit ak Bidjè a sou demand Sipèentandan an ak Oditè Anchèf la pou l pran distans ak Plan Odit yo te apwouve a e pou l fè yon odit sou finansman lekòl la resevwa daprè aktivite VAB yo, e rekòmandasyon an prale nan Komisyon Konsèy Lekòl la pou apwobasyon. Sipèentandan Carvalho pwomèt pou l otorize finansman adisyonèl pou pèsonèl ki ka ede nan fonksyon odit la nan idantifye e korije pwoblèm nan.

###

14-JJS/066/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès