POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 25 avril 2014    

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

DE (2) LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY PRAL REPREZANTE FLORID NAN FINAL MONDYAL “ODYSSEY OF THE MIND” (VWAYAJ SÈVO)

Resamman yo plase de (2) ekip Lekòl Leta Miami-Dade County an premye nan divizyon yo nan Final “Odyssey of the Mind” Eta a nan Orlando.  Yo kalifye pou reprezante Florid sou yon nivo entènasyonal pandan yo ap avanse nan Final Konpetisyon Mondyal “Odyssey of the Mind” la.
Ekip Lekòl Elemantè Howard Drive ak Lekòl Mwayen Palmetto pral vwayaje ale nan Final Mondyal la nan Iowa State University soti nan 28-31 me.

“Odyssey of the Mind” se pi gwo konpetisyon edikasyonèl entènasyonal elèv nan mond lan pou rezoud pwoblèm.  Ekip ki ap soti atravè tout Etazini ak plis pase 25 peyi ap patisipe nan pwogram nan.  Odyssey ankouraje ladrès panse kreyativ kay elèv yo atravè aktivite rezoud pwoblèm.

###

14-JJS/067/DF/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès