POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 1ye oktòb 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL MAGNET LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY
AP AKSEPTE APLIKASYON KOUNYE A

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” Lekòl Leta Miami-Dade County ap aksepte aplikasyon pou Pwogram “Magnet” (Leman) kòmanse Jodi a, 1ye oktòb 2014 jis rive 15 janvye 2015. Men douz sa ki pi enpòtan ou dwe konnen sou pwosesis aplikasyon an:

  1. Fason ki pi vit pou aplike se sou Entènèt nan www.dadeschools.net atravè Pòtal Paran an nan klike sou lyen aplikasyon magnet la. Pwosesis aplikasyon sou Entènèt la enstantaneman mete w nan sistèm aplikasyon an.
  2. Si pitit ou a nan lekòl prive kounye a oubyen li ap antre nan sistèm lekòl la pou premye fwa, ou dwe enprime aplikasyon an e ranpli li sou papye ki disponib nan www.miamimagnets.org. Senpleman ekri “No ID” (pa gen idantifikasyon) an nan plas ki mande pou nimewo idantifikasyon pitit ou a; yo ap bay pitit ou a yon nimewo idantifikasyon tanporè pou yo pwosès aplikasyon an.
    Ou ka poste oubyen depoze aplikasyon sou papye nan:
    Miami-Dade County Public Schools                                                                                
    Attention: School Choice & Parental Options – Applications
    1450 NE 2nd Ave., Suite 352
    Miami, FL 33132
  3. Elèv ka aplike pou yon plas jiska nan senk pwogram nan senk diferan lekòl. Ou pa ka chwazi plis pase yon pwogram nan yon lekòl.
  4. Pou ka elijib pou pwogram magnet la elèv yo dwe genyen yon “Grade Point Average (GPA)” (Mwayèn) 2.0 nan kou akademik ki pi enpòtan yo, kèk pwogram, tankou Bakaloreya Entènasyonal mande yon mwayèn 2.5.
  5. Lekòl endividyèl genyen diferan demand, tankou rekòmandasyon, sijè espesifik elèv yo dwe pran davans, fè prezantasyon, entèvyou, oubyen yon nòt mimimòm. Ou dwe kontakte lekòl la pi vit posib lè w ap aplike pou mande kritè lekòl la.
  6. Nan tout lekòl yo, eksepte lekòl magnet “Visual and Performing Arts (VPA)” (Ar Pèfòmans ak Ar Vizyèl), pwosesis seleksyon pou chwazi elèv fèt nan yon tiraj-osò pami aplikan ki elijib. Lekòl magnet VPA mande pou yon odisyon/prezantasyon e yo chwazi elèv selon odisyon/prezantayon an.
  7. Elèv kalifye ki fè pati fanmi ki nan militè aktif a, e aplikan ki se frè/sè elèv ki deja nan pwogram nan e ki pral ale nan lekòl magnet ane pwochen, ap resevwa priyorite pou plasman si gen plas disponib.
  8.  Elèv ki pat abite nan in Miami-Dade County ka toujou aplike pou Pwogram Magnet depi yo satisfè tout demand yo.
  9. Nou pap aksepte nenpòt aplikasyon nou resevwa aprè 15 janvye 2015. Anplisdesa, nou ap anile nenpòt aplikasyon ki pa satisfè demand endividyèl lekòl yo aprè delè a.
  10. Nou ap avize paran sou rezilta pwosesis tiraj-osò a nan jou oubyen aprè 15 mas. Si ou gen nenpòt kesyon sou rezilta a, ou dwe kontakte lekòl endividyèl yo dirèkteman.
  11. Tout seleksyon yo final, Nou ka chwazi yon elèv nan plizyè lekòl pandan seleksyon tiraj-osò a. Lè sa rive se ap chwa w nan ki lekòl ou chwazi pou mete pitit ou a.
  12. Se pa yon obligasyon pou elèv la patisipe men yo pap ka chanje pwogram yo yon fwa yo aksepte li, donk li enpòtan pou nou fè seleksyon an ak anpil pridans anvan ou remèt aplikasyon an sou Entènèt oubyen enprime sou papye.

 

Pou plis enfòmasyon, silvouplè ale nan: www.miamimagnets.org.
Anti-Diskriminasyon/Arasman

M-DCPS pa diskrimine sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, sèks gason/fi, laj, andikap, kondisyon marital, oubyen nenpòt lòt baz ki entèdi devan lalwa nan pwogram edikasyonèl, sèvis oubyen aktivite oubyen nan pran moun nan travay oubyen nan pratik anplwa.

Ou kab voye kesyon, plent oubyen mande enfòmasyon adisyonèl ki gen pou wè ak diskriminasyon oubyen aras nan bay: “Executive Director, Civil Rights Compliance Office” (Biwo Direktè Egzekitif, Konfòmite Dwa Sivil) nan 155 NE 15 Street, Suite P-104E, Miami, Florida 33132; Telefòn: 305-995-1580 oubyen adrès lèt elektwonik: crc@dadeschools.net

Distri a ofri aksè egal tou nan andwa yo bay gwoup jèn patriyotik, jan yo mande sa nan ”Boys Scouts of America Equal Access Act” (Akò Aksè Egal pou Eskout Amerika).

 

###

14-DGD/068/CF

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès