POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 24 septanm 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY KÒM BENEFISYÈ PRIM AKONPLISMAN ESPRI DIVÈSITE REZO REKRITÈ DIVÈSITE A

MIAMI, FL – “The Diversity Recruiter’s Network” (Rezo Rekritè Divèsite a) ak “University of Phoenix” (Inivèsite Phoenix) anonse resamman yo nonmen Lekòl Leta Miami-Dade County kòm benefisyè “Diversity Spirit Achievement Award™” (Prim Akonplisman Espri Divèsite).

Prim Akonplisman Espri Divèsite Rezo Rekritè Divèsite a se yon pwogram prim nasyonal ki rekonèt kòporasyon, endividi, òganizasyon kominotè ak medya paske yo aktivman sipòte divèsite nan kominote a ak nan andwa travay yo. Kritè pou nominasyon an te gen ladan genyen vizyon, kreyativite e pwomote divèsite aktivman nan mitan kominote a oubyen yon antite nan nivo lokal ak nasyonal.

Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County Alberto M. Carvalho di, “Nou trè kontan yo chwazi nou kòm yon benefisyè Prim Akonplisman Espri Divèsite a. Dènye rekonesans sa a bay plis prèv toujou sou angajman solid nou nan pwomote divèsite ak egalite nan opòtinite pou edikasyon e nan tout fonksyònman Distri nou an.”

Rezo Rekritè Divèsite a se asosyasyon pwofesyonèl ki ap devlope pi vit e ki devwe li sèlman nan konekte ansanm pwofesyonèl ki sipòte divèsite nan andwa travay ak nan kominote a nan nivo eta ak nasyonal.

 

###

14-DGD/069/TC/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès