POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 8 oktòb 2014  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO BAY M-DCPS PRÈSKE YON KA MILYA DOLA KÒM DON

Elèv ak pwofesè “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral benefisye nan 11 nouvo don, ki gen yon total plis pase $240 milyon dola.   Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho resamman anonse don sa yo pral ede sipòte sistèm pwogram enstriksyonèl menm jan li ap ede elèv tout laj ki gen andomajman e pou ranfòse sipò enstriksyonèl jèn imigran ki fèk antre isi yo, ak lòt ki ap aprann Anglè.

Carvalho di, “Dons sa yo pral asire pwogram prensipalman pou elèv M-DCPS ki mwen privileje yo ap gen fon adekwat, pou enplemante, jere ane lekòl 2014-2015 la. Bi nou se pou e toujou ap amelyore siksè elèv avèk aksè nan pwogram edikasyon dekalite pou tout elèv.”

Sipèentandan Carvalho konplimante ekip administrasyon don nan M-DCPS, anba direksyon Asosye Sipèentandan Iraida R. Mendez-Cartaya, pou dilijans li nan aplike pou fon sa yo e ak ekspètiz yo nan dirije santèn pwogram don avèk depans anyèl pou prèske demi milya dola. Oditè Jeneral Eta Florid la leve yo ak chapo ba pou ladrès jesyon fiskal eksepsyonèl yon sèl rapò kontablite pwòp.

Pou plis enfòmasyon, Kontakte Iraida R. Mendez-Cartaya oubyen Melissa Latus nan 305 995-1706.

 

###

14-DGD/073/JAM-LL/CF

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès