POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 6 me 2014       

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

LIDÈ GOOGLE AK MICROSOFT SE ORATÈ ESPESYAL NAN GRAN KONFERANS FONDASYON AKADEMI NASYONAL ENDISTRI ELÈV NAN MIAMI

KIYÈS: 

ElèvNational Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal) Akademi Karyè nan lekòl ki ap patisipe ak patnè biznis ki enterese  

KISA:
1ye Gran Konferans Anyèl Endistri Elèv pou elèv NAF ki enskri nan Akademi pou Jeni, Finans, Ospitalite ak Touris, Syans Sante e Enfòmatik.
KILÈ: 

Mèkredi 14 me 2014
8è dimaten – 1è nan aprèmidi

KI KOTE: 

Miami Beach Convention Center, Hall B
1901 Convention Center Drive
Miami Beach, FL 33139

POUKISA:

Konferans endistri elèv la fè pati yon efò ki ap kontinye pou bay elèv akademi karyè yon apèsi sou enpòtans pou prepare pou kolèj ak karyè, pandan yo ap pataje enfòmasyon sou preparasyon karyè pwofesyonèl ak tandans nan domèn jeni, finans, ospitalite ak touris, syans sante e enfòmatik.  Inisyativ sa a tou aliyen avèk patnè distri lekòl la ak patisipasyon “One Community One Goal” (Yon Kominote Yon Bi) ki vize enplemantasyon Plan Endistriyèl. 
                       
Plis pase 1,500 elèv ap genyen opòtinite pou tande lidè biznis ak lidè endistri ki pral apwofondi efè preparasyon elèv pou kolèj ak karyè.  Tèm konferans la, “Paving the Way to a Better Future” (Prepare Wout la pou Yon Meyè Avni), ki pral enfliyanse yo ak konsepsyon devlopman “antreprenarya” nan tout sesyon yo.

Anplis, tande lòt pwofesyonèl moun respekte nan endistri yo chwazi, elèv yo ap gen opòtinite pou tande JD Hoye, Prezidan Fondasyon Akademi Nasyonal, ki ap dirije yon rezo pou 500 akademi preparasyon kolèj, tèm karyè nan 39, eta, D.C., e U.S. Virgin Island ak de (2) prezantatè espesyal yo pral prezante Jaime Casap, Edikasyon Evanjelis Global pou Google ak Cameron Evans, Ofisye Chèf Teknoloji pou Microsoft.

Pou detay sou konferans la oubyen enfòmasyon adisyonèl pou mete ansanm ak Google, Microsoft ak Miami Beach Convention Center kòm yon patwonè kòporasyon, kontakte Julie Kennedy nan Depatman Edikasyon pou Karyè ak Teknik nan 305-693-3017.

 

# # #

14-JJS/074/DF/CF

 

Retounen sou Nòt pou Laprès