POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 30 septanm 2014

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

SIPÈENTANDAN CARVALHO PRAL PALE NAN SOMÈ 2014 LIDÈ ELÈV, LEKÒL SEGONDÈ MIAMI PATWONE, McDONALD’S PREZANTE – 1YE OKTÒB

KIYÈS: 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho; reprezantan McDonald’s, “United States Hispanic Leadership Institute (USHLI)” (Enstiti Lidè Ispanik Etazini) ak “CoolSpeak”; reprezantan Lekòl Segondè Miami ak apwoksimativman 1,350 elèv dènye ane lekòl segondè ak 11yèm ane lekòl segondè
KISA:
Somè Edikasyon McDonald’s 2014 Lidè Elèv
KILÈ: 

Mèkredi 1ye oktòb 2014
7:30 dimaten – 12:45 nan aprèmidi

Sipèentandan Carvalho pral pale a 8è dimaten

KI KOTE: 

Miami Senior High School
2450 S.W. First Street
Miami, FL 33135

POUKISA:

Seri Somè Lidè Elèv, McDonald’s prezante a, se yon seri nasyonal ki fèt pou enspire elèv lekòl segondè pou rete lekòl, amelyore pèfòmans akademik yo, gradye, e pousuiv yon edikasyon aprè lekòl segondè. Chak ane, McDonald’s chwazi 10 lekòl segondè, ki gen yon gran kantite elèv Ispanik, pou prezante evènman sa a.  

RMHC/HACER, ki fè pati Pwogram Bousdetid Etazini “Ronald McDonald House Charities®”, se yon bousdetid ki fèt pou ofri elèv lekòl segondè Ispanik ki elijib, ki ap fè fas a obstak finansye, asistans finansye pandan yo ap prepare pou al nan kolèj. Yo chwazi elèv e ba yo asistans baze sou akonplisman akademik, bezwen finansye ak patisipasyon kominotè yo demontre.



# # #

14-DGD/076/HD/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès