POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 8 me 2014        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS ANONSE PREMYE KALITE PATENARAYA ESTRATEJIK LI AVÈK NAACP, HBIF, FLORIDA SBDC

MIAMI— Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County ak Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho pral fòme yon patenarya estratejik avèk Branch NAACP Miami-Dade, Fon Inisyativ Biznis Ispanik ak Sant Rezo Devlopman Ti Biznis Florid ki ap konsantre sou devlopman ekonomik ak biznis, kreyasyon travay ak kontra pou biznis Miami-Dade yo.

Sipèentandan Carvalho di, "Lekòl Leta Miami-Dade County fyè pou l travay avèk òganizasyon sa yo e bay biznis lokal yo opòtinite potansyèl kontra nan konstriksyon, machandiz ak sèvis e pwojè bon 1.2 milya dola votè yo te apwouve resamman pou renove e modènize teknoloji lekòl … Se yon patenarya tout moun genyen pandan n ap travay pou ogmante kantite ti biznis, biznis minoritè ak biznis fanm posede nan kominote lokal nou an."

Sa se premye kolaborasyon yon distri lekòl ki konsantre sou ekonomi ak devlopman ti biznis avèk òganizasyon sa yo. Chak òganizasyon ap bay enfòmasyon konsènan patnè resous li yo, mete feyè, bwochi ak lòt piblikasyon disponib, e bay aksè sou sit Entènèt li. Chak akò tou genyen omwen yon objektif kantitatif, mezirab pou ogmante kantite konpayi ki gen sètifika avèk M-DCPS de omwen 25 pousan nan espas yon ane.

Brian Williams, ki se Ofisye Devlopman Ekonomik pou Distri a di, "Mwen kontan travay avèk òganizasyon sa yo ki vrèman fè yon efè sou ti biznis, biznis minoritè ak biznis fanm posede nan Miami-Dade County… Objektif nou se ogmante kantite konpayi ki ap fè biznis ak M-DCPS e evantyèlman rive fè kontra ki gen siksè ak Distri a."

‘‘The Office of Economic Opportunity (OEO)’’ (Biwo Opòtinite Ekonomik) la pwomote devlopman ak agrandisman ekonomik Ti Biznis, Mikwo ak Biznis Minorite atravè pwogram sètifikasyon li a, pwogram konsyantizasyon kominotè, revizyon kontra ak siveyans aktivite yo.

Pou plis enfòmasyon, silvouplè vizite oeo.dadeschools.net oubyen kontakte Brian Williams nan 305-995-1307.

 

###

14-JS/077/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès