POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 15 me 2014       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

DEPATMAN POLIS LEKÒL MIAMI-DADE METE ANSANM AK  DEPATMAN ENTERYÈ SEKIRITE TERITORYAL ETAZINI POU PWOMOTE
KANPAY “SI W WÈ YON BAGAY, DI YON BAGAY”

“The Miami-Dade Schools Police Department (MDSPD)” (Depatman Polis Lekòl Miami-Dade), anba direksyon Chèf Ian Moffett, ap travay an patenarya avèk “Department of Homeland Security DHS” (Depatman Sekirite Enteryè Teritoryal) Etazini pou pwomote kanpay " Si W Wè Yon Bagay, Di Yon Bagay" nan Lekòl Leta Miami-Dade County. Sa se premye faz nan yon inisyativ detaye sekirite lekòl ki gen tit "Campus Shield" (Pwoteksyon Kanpous), ki konte sou kominote lekòl paran nou yo, elèv, anplwaye, ak vizitè – kòm zye ak zòrèy lekòl ak katye nou yo.

Kanpay sa a pral ede ranfòse wòl kominote lokal yo jwe e ankouraje moun ki enterese pou travay ansanm ak Depatman Sekirite Enteryè Teritoryal.  Li ogmante tou konesans piblik la sou endikatè konpòtman teworis e li aksantye enpòtans nan rapòte aktivite yo sispèk bay lapolis lokal yo.  Lekòl nou yo pral resevwa postè yo pral mete nan zòn alantou kanpous la kote elèv, anplwaye, paran, ak vizitè yo ap frekante.

Yo rekòmande pou manm nan kominote a rapòte sèlman konpòtman ak sikonstans sispèk.  Sa ka gen ladan sitiyasyon tankou yon valiz poukont li yo kite nan yon plas piblik, oubyen yon moun k ap eseye antre pafòs nan yon zòn entèdi. Se sèlman rapò ki dokimante konpòtman ki endike aktivite kriminèl yon fason ki rezonab ki gen rapò ak teworis yo ap pataje ak ajans afilye yo. Nimewo pou rele si w temwen aktivite sispèk se 1-855-FLA-SAFE (1-855-352-7233). Pou plis enfòmasyon konsènan kanpay sa a, kontakte Kapitèn Ivan Silva nan 305-757-7708.

 

###

14-JS/079/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès